Insécurité

Men kijan Pòtoprens tonbe anba men gang yo

0

Ayiti ap viv yon kriz imanitè ak yon vyolans san parèy. Atik sa a se rezilta senk semèn envestigasyon nan Pòtoprens, premye vil nan kontinan Amerik gang kriminèl ap dirije

Atik sa a fè pati yon pwojè Dromómanos ak Global Initiative (GI-TOC) sou efondreman Pòtoprens.

Kò yon sitwayen yo touye yèswa ap fè lafimen toujou. Li prèske senk è nan maten nan dat 5 mas 2025. Elèv sèl lekòl ki toujou ouvè nan zòn nan pral pase nan lari sa a. Se pou sa kèk medam jete dlo sou rès kò a anvan l fin boule nèt. Lè flanm dife yo mouri, chen ak kochon manje janm li, bra l ak tèt li. Sèlman lestomak la k rete, mare nan fil fè ki anndan kawoutchou ki te nan dife a. Nou devan yon mache nan Delmas 95, nan Pòtoprens, premye vil nan kontinan Amerik la ki tonbe anba grif gang  kriminèl. Nou anndan 10% vil la ki poko nan men Viv Ansanm, pi gwo konfederasyon bandi ki janm egziste sou kontinan nou an.

Yon lari dezè nan sant vil la, depi nan yon machin lapolis blende pandan yon patwouy, nan Pòtoprens nan dat 16 janvye 2026

Reyon solèy yo ap chase fènwa a ti pa ti pa. Kèk medam ap pase sou kote kadav san fòm lan. Yo kouvri nen yo, sant la fò, men pyès nan yo pa gade l. Mache a kòmanse aktivite l pandan tout moun inyore kadav la. Sa tout moun wè, se prezans mwen. Yon gwoup nèg sou moto kòmanse gade nou ak mefyans, youn di yon bagay an kreyòl, epi li avanse sou nou ak sa ki sanble ak yon chenn nan men l. Li pa vle m pran foto kadav la. Mwen sèlman konprann “blan” ak “jounalis”. Ivander, gid mwen an, panse se yo menm ki te touye moun ki atè a, oswa yo menm ki te boule l.

Yon senfoni bal ap pete tou pre. Machann yo gade syèl la, epi yo fè silans, pandan y ap fè kalkil mantal sou ki distans bal yo ye. Answit, yo kontinye nan sa y ap fè a. Bal yo pa t sonnen ase pre pou sa ta fè yo pè.

Ivander fè m yon siy, nou monte sou moto a epi nou pran direksyon kwen ri 27, Bwa Patat, devan magazen Tag Supermarket la, ki te pou fanmi desandans libanèz Abraham lan. Kounye a, biznis lan fèmen e pòt li yo tou nwa akòz dife.

“La y ap boule yon lòt kadav”, Ivander di m. “Lè konsa yo toujou ap boule moun”.

Nou pase tou pre yon kràn ki pwòp, ak yon koulè nwa fonse. Diferans ak kò anvan an se ke la pa gen vyann ankò, sèlman yon eskelèt ki antoure ak gwo manto fè kawoutchou yo.

“Nou pa ka rete lontan la a”, Ivander di m. “Moun sa yo trè vyolan, isit la se Kanape Vè”.

Li di sa kòm si m te dwe konn non sa a.

Kout bal kontinye vole.

Yon machin lapolis ap woule bò kote machin gang ame te boule epi sèvi kòm barikad pandan konfwontasyon semèn pase a ak fòs sekirite ayisyen yo sou yon lari vid nan sant vil la, wè depi nan yon machin lapolis blende pandan yon patwouy, nan Pòtoprens, 16 janvye 2026.

Lontan, Kanape Vè te katye klas mwayèn rete. Li te gen yon lavi kiltirèl byen anime, anpil ti bar, kote pou moun manje, konpayi ak lekòl prive. Plizyè moun ki te rete oubyen frekante zòn lan anvan 2021 (lè dènye gwo vag vyolans sa a te kòmanse apre asasina prezidan Jovenel Moïse) rapòte fèt dj konn blayi san planifye. Yo pale tou de moman yo pase sou plas piblik la ap bwè kafe epi jwe domino. Se te yon kote ki te konsidere kòm an sekirite nan mitan briganday ki te deja genyen nan Pòtoprens.

Jis jounen jodiya, Kanape Vè gen anpil polisye, militè ak ti fonksyonè. Pandan ofansif gang ame yo pou pran kontwòl Pòtoprens, ofisye lapolis ak chèf Samuel Joasil leve kanpe. Joasil mete ansanm plizyè douzèn ajan an sèvis, ansyen polisye ak vwazinaj nan yon ti lame rezistans ki rele “Brigad la”.

Yon kan pou moun deplase ki te boule nan sant vil la, nan Pòtoprens, Ayiti, nan dat 21 desanm 2025.

Kanape Vè, Samuel ak Brigad li an vin gen renome nan dat 17 avril 2023, lè lapolis te arete 13 moun yo te sispèk kòm manm gang Kraze Baryè a, ki anba direksyon Vitel’Homme Innocent, yon gwo chèf gang nan zòn Torcelle ak Tabarre.

Dapre senk temwen mwen te pale avèk yo, lapolis te fouye moun nan yon bis. Yo te jwenn gwoup la ak zam epi minisyon. Tout sous sipoze yo te pral prepare yon atak anndan Kanape Vè, yon estrateji chwal Twòy gang yo te deja itilize pou pran lòt zòn nan kapital la.

Nan vèsyon ofisyèl lapolis la, yon fwa yo fin arete yo, yon foul moun mache pran yo nan komisarya a, yo mete manchèt sou yo, kalonnen yo ak kout wòch epi, pandan yo vivan, yo pase vye kawoutchou moto ak machin nan kou yo epi mete dife.

“Moun pa t ka menm respire tèlman la a te santi e ou wè gwo lafimen pandan w sou waf la”, se sa youn nan moun ki te patisipe nan masak sa a te di m.

Nan mitan terè ki anvayi vil la, istwa terib sa a te vin tounen yon senbòl lespwa : Kanapevè tounen katye ki te defye epi pote laviktwa sou gang yo, yon bann moun ki elimine bandi yo ak dife.

Moun k ap viv Kanape Vè te fete pandan flanm dife t ap fini ak bandi yo. Nan kè kontan yon sitwayen deklare nan direksyon yon kamera telefòn: “Bwa kale, Bwa kale!”.

Videyo evènman an te sikile nan tout Pòtoprens ak Ayiti. Moun Kanape Vè te mete pil kawoutchou nan tout kwen, tankou yon rapèl pou bandi yo konnen pou pa rantre nan zòn lan. Samuel Joasil te ranpòte plizyè batay. Li answit etabli kontak epi fòme yon rezo ak chèf nan lòt katye ki te leve kanpe kont bandi yo.

Prèske chak lannuit, konfwontasyon yo kite yon kantite kadav (sèlman ant avril ak jen ane 2023 a, dapre Nasyonzini, omwen 230 moun egzekite nan Pòtoprens). Yo boule kadav pou kèsyon sanitè. Yon lòt bò, se yon fason senbolik pou efase bandi yo sou latè, pou redui yo a anyen. Dife sa a te vin tounen yon senbòl delivrans pou kèk moun ak yon bagay ki fè anpil lòt pè.

Yon nonm ap mache trè pre yon kò san vi, nan Pòtoprens, nan dat 19 oktòb 2025.

Nan mitan 2024, Samuel Joasil ak Brigad li an te gen plis pase yon lane ap reziste. Batay la te kòmanse vini ak konsekans. Lè sa a, paranoya debake. Apati moman sa a, anplis defann fwontyè kalite Kanapevè, yo te kòmanse gade anndan, sou refijye k ap rive chak maten pou chèche sekirite. Si yo pa rive bay bon repons sou metye yo oswa si yo di yo soti yon kote epi yo pa ka pwouve l, Bwa kale! Si youn nan milye refijye k ap viv nan Kanapevè lonje dwèt sou yon moun kòm bandi oswa di fanmi l s on bandi, Bwa kale. Si nan men jenn gason ki rive yo yo jwenn yon zam oswa minisyon oswa yon bagay nan telefòn yo ki gen rapò ak gang, Bwa kale. E si yon jou yon brigadye panse yon moun gen aparans bandi, Bwa kale!

Manm Polis Nasyonal Ayisyen an ap patwouye pandan kadav swadizan manm gang yo ap boule (an premye plan) nan Pétion-Ville, yon katye nan Pòtoprens, Ayiti, nan dat 19 novanm 2024.

Pandan senk semèn mwen te rete nan Pòtoprens, omwen 15 moun te boule vivan oswa brigadye te fenk touye yo Kanape Vè. Yo tout te fini nan menm kote a: Ri 27, Bwa Patat, devan Tag Supermarket la, ki te pou fanmi Abraham lan.

Jou vil la te kòmanse mouri a

Mwen te vini nan Pòtoprens paske yon sitwayen n ap rele Mesye X pou pwoteje idantite l, te fè m yon pwopozisyon mwen pa t ka refize: “Nou pral touye ak dwôn pi gwo chèf bandi Viv Ansanm lan. P ap gen lòt jounalis etranje nan vil la, yo pè vini. Ou menm sèl k ap la”, se sa sitwayen an ki t on operatè politik nan Konsèy Prezidansyèl Tranzisyon an te di m. Mwen sipoze Mesye X ak moun ki alantou l yo te enterese pou montre chèf bandi a jan sa te fèt ane pase yo lè lapolis kolonbyen te montre kò Pablo Escobar: atè, ak san, epi san soulye. Mwen sipoze mwen pa t premye chwa li, men se mwen ki te aksepte. Petèt, m te dwe reflechi avan m di wi.

Pou m te ka rive isit la mwen te pran avyon ak de motè ak ti avyon lejè nan tout Karayib la, nan gwo zile tankou Nassau, nan achipèl Bahamas, ak ti Antiy tankou Zil Kaykos ak Tik, jis m rive Okap, ki se yon vil trè pòv nan nenpòt kritè latinoameriken, men ki konsidere kòm yon gwo vil e yon paradi lapè ann Ayiti. Rive Okap, mwen te tann yon semèn nan yon chanm imid nan yon lotèl ak anpil bri kote douch la te bay dlo lanmè, jiskaske kontak mwen an te di m pou m soti nan lari a, yon machin t ap tann mwen pou m ayopò a epi monte nan elikoptè “Pwoteksyon Sivil” ki t ap mennen m Pòtoprens. Apre inèd tan ap vole sou mòn dezole ak plenn chaje wòch, mwen te ateri nan Pòtoprens.

Foto ayeryen sa a, ki te pran 3 jen 2025, montre yon apèsi sou Pòtoprens.

Vil la te resevwa m ak yon figi mare. Lannuit anvan an, gang Viv Ansanm te atake yon katye Dèlma, toupre ayopò a. Lafimen kay ki t ap boule yo te monte nan syèl la tankou chato k fèt ak gaz ki prèt pou efondre. M te rive an reta. Pou 25 fevriye 2025 sa a, prèske tout bagay ki t ap fonksyone nan vil te kraze.

Vil la te mouri deja. Viv Ansanm touye l.

Pòtoprens te pèdi kontwòl operasyon nan ayewopò l la, Toussaint Louverture, nan novanm 2024 —apre li te deja rete fèmen pandan yon ane— lè bandi yo te tire sou avyon Spirit Airlines, JetBlue ak American Airlines epi yo te blese yon otès de lè. Tout lòt konpayi avyon te pete kouri tankou zwazo ki pè. Sèlman avyon militè k ap pote sekou bay gouvènman ayisyen an ak elikoptè Pwoteksyon Sivil mwen te monte an ki ateri.

Kèk mwa anvan, vil la te pèdi tou yon gwo pati nan pò li yo ak kote pou bato kwochte. Estad Sylvio Cator abandone, epi kat sou chak senk lopital piblik kraze, sa ki fè sèlman lopital Universitaire La Paix a k ap fonksyone difisilman. Bandi yo raze sèt komisarya lapolis, kèk nan yo te demoli nèt ak traktè oswa te boule, epi plizyè douzèn lòt te sibi domaj.

Nèg ak zam pran kontwòl wout yo, mache yo ouvè tanzantan toudepan si pa gen atak. Anpil nan lekòl ak enstiti ki pa t boule tounen kan refijye. Yo resevwa chak maten plizyè douzèn fanmi ki te pèdi katye yo ayè anba dife bandi yo. Pòtoprens pèdi tout wout pou kite l yo (pyès moun pa rele yo antre ankò).

Yon manm gang ame ki gen 14 an ap patwouye lari yo nan katye Mariani nan Pòtoprens, Ayiti, sou 6 oktòb 2025. Mariani toupre Route Nationale 2, kote gang yo pran kontwòl kèk pati ladan l.

Menm mò yo, ki anpil, pa ka antere nan lapè. Bandi yo gen kontwòl kat simityè vil la, pami yo Gran Simityè istorik la, kote jiska katran de sa te konn gen fèt ak anpil koulè, manje epi danse, pou Gede yo. Kounye a se sèlman lanmò ki rete la. E, moun dwe peye bandi pou antere fanmi yo.

Sa gen sèlman katran, sant vil la, kote gouvènman an tabli kò l, te chaje machann ak moun k ap achte, espektak nan lari ak lavi. Kounyeya, gen plas sèlman pou lagè. Nan premye jou travay mwen mwen te vle wè sa ki rete nan mitan vil la. Mwen vizite Fort National, yon kote yo te konn administre yon pati nan Leta ayisyen an anvan Viv Ansanm te pran kontwòl kapital la.

Anba lonbraj sou twotwa a, yon dam ki rantre nan laj ap mouri. Li sanble deja ak yon kadav k ap respire. Kòt a kòt li yon fanm ki pi jèn ap prepare yon diri sou yon dife li fè ak fatra. Mwen mande l enfòmasyon sou dam atè an. Li di l sèlman konnen li te rive sa gen kèk jou. Pandan lapli t ap tonbe, li te sou yon chèz woulant yon moun t ap pouse. Yo t ap kouri pandan Viv Ansanm t ap atake youn nan katye nan Kenskòf, yon mòn ki antoure kapital la. Dam nan pa konn non l. Li ret la a paske yon pyebwa ofri yon ti lonbraj.

Moun ap kouri kite vyolans gang nan distri Kenskof nan Pòtoprens, Ayiti, nan dat 29 janvye 2025.

A apeprè 30 mèt, prèske devan Teyat Nasyonal Rex la, yon mesye ki gen yon laj moun pa ka devine leve bra l epi li rann tèt li, li pa sanble konnen devan ki moun, men li rann tèt li. Li leve chemiz li pou montre agresè sa yo, ki ap fè l pè anndan tèt li, ke li pa gen zam, ke li pa yon danje. Li di yon bagay an kreyòl nan direksyon mwen, li sonnen tankou yon demann, epi li kontinye wout li. Li pral rann tèt li yon lòt kote.

Machin boule pa gang ame nan distri Kenscoff, Pòtoprens, Ayiti, nan dat 29 janvye 2025.

Senfoni vil la – katouch – ap pete, a chak fwa pi pre. Vizaj moun yo chanje, yo sou tansyon, yo deplase, yo kouri. Mwen di Ivander ann deplase, nou monte moto a epi nou pran nan direksyon opoze tire yo.

Demen, m ap retounen sou menm twotwa a. Granmoun fanm lan ap la toujou. Figi l ap make lanmò. L ap gen bouch louvri, je fèmen, epi souf kout. Nan jou apre yo li p ap la ankò.

Pòtoprens kòmanse trepase ofisyèlman nan maten 7 jiyè 2021 ak asasina prezidan Jovenel Moïse. Men agoni an te kòmanse plizyè lane anvan. Anvan diktati François Duvalier a (yon tiran ki te prèt vodou ki te fè tout peyi a pè depi 1957 jiska lanmò l an 1971. Pitit gason l te ranplase l pou 15 lane nan tèt peyi a). Petèt byen avan 1811 ak Henri Christophe ki te dekare tèt li kòm anperè, e te fè pwòp “sitwayen” l yo travay tankou esklav avan l te fini pa tire tèt li ak yon zam an lò. Petèt anvan akò Lafrans, Angletè ak Etazini nan XIXèm syèk la pou izole premye nasyon moun nwa lib yo, dezyèm endepandans nan Amerik la.

Nèg Kolonbyen yo akize nan asasinay ansyen Prezidan ayisyen Jovenel Moïse, ap asiste yon odyans nan Tribinal Apèl la nan Pòtoprens, Ayiti, nan dat 13 janvye 2025.

Petèt Ayiti pa t janm sispann mouri depi esklav sa yo te pran libète yo ak manchèt. Pòtoprens anba kontwòl gang ki ranplase Leta, yon bagay ki pa gen presedan sou kontinan an. Istwa vil sa a se parabòl sa k ap rive si yo bay vyolans tout libète.

Espesyalis yo, obsèvasyon etnografik, travay jounalis ak literati ki genyen sou gwoup kriminèl ki pran pouvwa Pòtoprens montre 3 bagay: gang ayisyen yo te kreye, finanse ak ame pa diferan gwoup politik nan kapital la depi plizyè deseni.

Nou ka di lanmò prezidan an an 2021 detwi balans ki te genyen nan domèn politik la. Bandi yo, ki te fatige goumen antre yo pou fè plezi ak patwon yo, tou pran okazyon an pou kontwole vil la.

Twazyèm pwen an se ke gwoup k ap fè vyolans nan Pòtoprens genyen, prèske tout, relasyon trè pwòch ak vodou a, yon relijyon istorik ki soti an Afrik ki gen anpil fidèl Ayiti, swa kòm yon ekspresyon sensè lafwa, swa kòm yon fason pou gen lejitimite devan popilasyon an, oswa menm kòm yon fason pou gen pouvwa sou moun yo vle soumèt.

Nou ka di tou, ni nan Leta ni entènasyonal la pa t kanpe di non, oswa montre yon enterè sensè pou kwape lanmò ki t ap vin blayi sou Pòtoprens.

Sa k ap pase nan kapital Ayiti a ka defini kòm yon “poli-konfli” oswa, si nou vle vèsyon ki pi akademik epi konplike, yon “konfli ki gen orijin politik ak teritwa, ki gen plizyè sous, epi enterè diferan”.

Yon motosiklis k ap pase devan yon legliz ke gang ame te andomaje nan katye Bas-Delmas nan Pòtoprens, Ayiti, nan dat 12 fevriye 2026.

Sa gen dezan, gwo federasyon gang yo nan Pòtoprens te sispann batay ant yo, menm jan ak Maras nan amerik santral oubyen gang afwo-ameriken nan Kalifòni. Konfli te kenbe yo tout tan anba kontwòl politisyen ak antreprenè yo. Jou istorik 29 fevriye 2024 a bandi nan Pòtoprens sispann rale zam yonn sou lòt. Yo pran desizyon rale zam ansanm sou lòt moun.

Banm entwodui kèk nan plis pase 100 gwoup ak zam ki konpoze Viv Ansanm lan ak estrikti entèn yo ki tounen otou yon chèf kote pesonalite l sanse defini gwoup la:

Nan nòdwès Pòtoprens, nan zòn Kwadèboukè, gen Wilson Joseph, yo rekonèt Ayiti sou non Lanmò San Jou. Se misye (ki prezante tèt li kom yon bòkò) k ap kòmande 400 Mawozo youn nan pi gwo fòs ame peyi a. Li se prensipal moun yo akize nan kidnaping 16 misyonè ameriken ak yon kanadyen an 2021.

Genyen tou Kaporal Ti Lapli, chèf Grand Ravin. Li di l se yon chèf revolisyonè. Pou montre l entere l pou kominote l, li konstwi yon lopital sou teritwa l kontwole a.

Sou Waf Jeremi, genyen Wa Micanor. Anpil nan pwodui ki antre ak soti nan kapital la pase sou waf sa a. Micanor fè an desanm 2024 youn nan pi gwo masak nan dènye deseni yo : li touye plis pase 207 moun kòm revanj pou lanmò ti gason l lan, ki te tonbe malad, swadizan akòz vodou dapre sa l di.

Manno ak Izo 5 segond ap kontwole Vilaj de Dye. Izo di l se yon chantè rap. Detanzantan li mete videyo ak mizik sou medya sosyal.

Vitel’Homme Innocent chèf gang Kraze Baryè ap kòmande deyò kapital la. Se yon chèf gang ki fè tout vil la pè epi ki te nan lis 10 moun FBI t ap chèche pi plis soti 2023 rive 2025.

Sou kote mesye sa yo, gen yon lis trè long chèf lagè ak ti lame. Yo tout se gason, yo tout gen zam. E yo tout detèmine pou met nan pòch yo, sa yo te pase plizyè deseni ap met nan pòch lòt moun.

Moun ki prezante tèt li kòm pòt pawòl antant Viv Ansanm se Jimmy Chérizier, yon ansyen chèf lapolis ki gen 46 lane, ke yo akize pou masak ak asasina politik depi 2018. Se li k reyini chèf prensipal gang ame nan vil la, epi nan yon egzèsis ki pa rive souvan nan mond bandi yo, li te pwopoze sispann fè san yonn löt koule epi padone. Yo te pare.

Lidè gang Barbecue ap pale ak manm gang li yo nan katye li nan Pòtoprens, 6 jiyè 2025.

Se chèf gang “Barbecue” k ap dirije G9 an fanmi, ki gen kontwòl yon gwo pati nan Dèlma, nan sant vil la Mesye X te vle touye ak dwôn yo epi m t ap la pou pran foto rès kò l.

Chèf gang kriminèl yo te deside sispann batay, men yo te kenbe kontwòl teritwa yo, epi tanmen goumen ak yon sèl objèktif: pran vil la. Yo bay asosiyasyon yo an non Viv ansanm, yon kowalisyon ki detèmine pou simen lanmò.

Byen vit apre l fin fèt, Viv Ansanm kraze prizon pou libere patizan bandi yo. Li atake chak enstitisyon Leta fèb ayisyen an epi ak dife epi kout bal yo rive gen kontwòl 90% Pòtoprens.

Nan vil mwen jwenn lan, se sèlman fantòm ki rete. Youn nan pwoblèm Barbecue ak Viv Ansanm se paske youn nan fantòm sa yo se Samuel Joasil. Misye ak ti lame l la te deside y ap reziste, yo pap kite Viv Ansanm antre nan katye yo. Yo rive kenbe paske Samuel Joasil gen yon zam ki efikas e ki fè bandi yo pè : Bwa kale.

Viv nan yon kadav

Sou tèt yon machin ki boule yon nèg ki kouvri figi l rale zam li sou moun k ap mache nan lari a. Li se yon jèn gason. Ou ka wè sa nan men l, nan fason l ap deplase tankou chat ak nan fason kò l anfòm. Apeprè de mèt, sou tèt yon lòt eskelèt machin, yon lòt jenn gason, sa a pi gran epi li gen vant, ap siveye ak yon manchèt epi baton ki gen pikan sou li.

Yèswa Viv Ansanm frape Kenscoff. Moun Ozalantou ki pete kouri rive isit la kontinye gen trajedi make sou figi yo. Se poutèt sa chèf rezistans lan, Samuel Joasil, te bay lòd pou fèmen tout bagay. Li bay brigad li yo lòd gaye nan lari a tankou chen ki gen raj k ap pwoteje tou yo.

Moun ap kouri kite vyolans gang nan distri Kenskof nan Pòtoprens, Ayiti, nan dat 29 janvye 2025.

Trafik la trè konplike. Pa gen lòd sou ki direksyon machin sikile. Sanble pa gen okenn antant sou diferans ant lari ak twotwa. Machin blende fonksyonè ak kèk etranje nan Nasyonzini ak lòt òganizasyon ki poko kite vil la pase sirèn nan yon tantativ pou fè machin, moto ak moun kouri, men sa pa sèvi anyen.

Li 15 mas. Apre twa semèn nan vil la, mwen mande Ivander, gid mwen an, pou l mennen m nan zòn ki nan fwontyè ak kote gang yo kontwole yo. Mwen vle sitou ale nan fwontyè ant fòtrès Samuel Joasil la ak teritwa Viv Ansanm lan.

Ak anpil redi, nou rive Dèlma, yon katye enpòtan nan vil la. Semèn pase Dèlma 32 tonbe, sa ki deplase fwontyè a. Gen tou plis refijye ki soti nan zòn Viv Ansanm ap devore yo. Vin gen ankò plis moun, fatra ak sant ki pa bon.

Sa gen yon ane, fòtrès la te gen de fwa plis gwosè l jodiya. Li te gen plizyè brigad solid k ap defann li. Sa gen mwens pase yon ane rezistans lan pat kòmanse Kanape Vè, li te kòmanse Solino. Katye a te kanpe tòf. Moun ki t ap viv ladan l yo te defann li ak zam. Se te yon Kanape Vè anvan Kanape Vè.

Defans Solino an te fèt pa yon polisye, Jeff Petit-Dieu.

Solino te jwe yon wòl estratejik. Si w kontwole l, w ap gen akse ak rès vil la. Se te yon pòt antre, yon pon. Nan fen novanm 2024 Viv Ansanm bandi degize kòm refijye atake anndan ak deyò Solino. Apre chwal Twòy sa a, katye an te goumen, men l te pèdi.  Se Samuel ak nèg li yo ki rekipere kadav chèf Jeff Petit-Dieu ak sa ki te rete nan lame Solino a.

“Kanape Vè pa Solino”.

Se pawòl ti mesye Samuel Joasil yo nan pòs kontwòl yo.

“Kanape Vè pa Solino”.

Fraz sa a tounen yon slogan pou moun k ap viv nan pati ki vivan nan kadav vil la.

Yon fanm ap kriye devan yon kès pandan yon antèman kolektif pou uit moun ki te mouri nan yon atak drôn mwa pase a, nan Pòtoprens, Ayiti, 4 oktòb 2025. Dron ki t ap vize yon lidè gang sispèk nan yon katye pòv ki anba kontwòl gang nan Pòtoprens te touye onz sivil 20 septanm.

Bandi yo te panse si Solino tonbe tout lòt pati nan Pòtoprens t ap tonbe tou. Men Samuel Joasil te la, brigad li an ak Bwa kale la. Depi lè sa a Kanape Vè tounen motè rezistans lan ak je yo fikse sou chèf bandi Barbecue ak Viv Ansanm.

Ozalantou Kanape Vè gen kèk zòn nan Dèlma, ak Petyonvil, Boudon, Debisi ak Jivena. Sa a sa fòtrès la. E se yon gwo pati nan 10% an rapò Nasyonzini yo ap pale a, kote moun k ap viv nan kadav Pòtoprens ap reziste.

“Sa a se fwontyè a, pi lwen se teritwa bandi yo ye”, Ivander di m ak panyòl li ki sonnen tankou fransè.

Pa gen yon mi, men se tankou li te la. Yon liyn ou pa ka wè ki separe trafik ak bri epi silans total.

Pandan m kanpe sou fwontyè sa a ki pa fizik, m pran kèk videyo ak foto. Nan fon dezè sa a yon machin kanpe, li fè bak epi yon mesye anndan l gade nan direksyon m epi di yon bagay mwen pa tande. Ivander di m deplase, moun yo kouvri tèt yo pou yo pa pran bal la. Mwen mete m an sekirite. Se moman pou n deplase.

Kay gang ame te detwi nan yon lari nan katye Solino, Pòtoprens, Ayiti, nan dat 17 fevriye 2026, ki te atake pa manm gang yo nan fen ane 2024.

Jou sa a fòtrès gang yo pa kontwole a mete grif li deyò pou anpeche Viv Ansanm antre. Baryè oswa machin ki boule fèmen chak kwen lari. Moun ki pa gen barikad mete pil kawoutchou epi boule yo.

Samuel Joasil bay lòd pou anpeche deplasman lènmi yo, pou fòse yo mache apye, pou mesye ki nan Brigad li yo ka afwonte yo. Men chak moun ap konprann sa jan l kapab. Akoz menas yo, chak kwen nan fòtrès la ap pwoteje tèt li, sa ki fè li enposib pou moun deplase menm pou moun k ap viv anndan l yo.

Pandan n ap eseye monte Petyonvil – kote Ivander ap viv e kote mwen rete dènye semèn sa yo – nou jwenn yon gwoup mesye ki kouvri figi yo sou yon ti pòs kontwòl. Yon jèn gason lonje pwent manchèt li sou nou epi mande n pake yon bò lari a. Se te premye fwa mwen te kwaze ak Brigad la. Se p ap dènye fwa.

Twa jenn gason apwoche n, yon sèl nan yo pa gen mask kouvri figil. Sanble se li ki chèf la. Yo frape pla manchèt la nan ranch nou pou verifye si n pa gen zam. Toupre nou gen 20 jèn gason t ap tann pou yo fouye yo. Ou ka wè nan je yo kijan yo pè. Mwen di mwen se jounalis, sa pa t di yo anyen. Men yo pa t jwenn anyen pou akize nou. Chèf pòs la avanse, li gade m epi li di Ivander: “Wete jounalis sa a la! Ou fou? Bagay yo pral myèl”, li di l an kreyòl ak yon ton tankou militè lè y ap bay lòd.

Sanble jodi a pa yon bon jou vin sou fwontyè a. Menmsi isit la prèske pa janm yon bon jou pou anyen.

Ivander itilize wout dekoupe. Li pase nan wout ki pat fèt pou moto, apèn laj ase pou pyeton pase, pandan n ap monte nan fòtrès la ansanm. Viv Ansanm tou pre. Nou pase nan kwen rue 27, Bwa Patat, devan Tag Supermarket la, kwen Bwa kale a ke moun bay ti non kizin lan.

Yon lekòl gang ame te detwi nan yon lari nan katye Solino, Pòtoprens, Ayiti, nan dat 17 fevriye 2026, ki te sibi atak pa manm gang nan fen ane 2024.

Nan dat 15 mas sa a nan “kizin lan” yon lòt moun ap boule nan mitan kèk vye kawoutchou. Yo touye l nan maten. Dife a kankannen tout po sou zo kadav. Se te yon fanm, dapre Ivander. Yo te kenbe l jodiya nan maten. Sanble l te yon refijye, men pyès moun pa konnen kote l soti. Sous mwen yo di m li te gen yon gwo kantite lajan ki pa nòmal nan panyen l. Yon manm nan brigad la te di sa sispèk, yon lòt te di bandi yo itilize fanm pou transpòte lajan pou moun sispèk yo. Yon twazyèm te di li te sanble ak yon moun yo te wè yon fwa ak yon bandi nan foto. Yo tout te dakò sou yon bagay: Bwa kale.

Yo koupe gòj li epi pandan l tou vivan yo mennen l nan kizin lan, devan boutik moun fanmi Abraham yo, epi yo boule l. Nan yon ti tan l ap fin boule nèt. Nan pa lontan, dam sa a pral tounen pousyè nwa epi l pral vole tankou yon nwaj nwa nan syèl Pòtoprens. E sou tach kadav li atè a, dife pral boule lòt moun.

Yon kadav k ap danse

Yo limen yon liy flanm dife sou yon tab sushi nan rooftop Lotèl Karibe a. Nèg po blanch chita ap bwè bwason chaje koulè, ak oliv. Se yon apremidi nan mitan mwa mas. Kèk fonksyonè OIM, ONU, ak PNUD monte nan bar la, ki sou tèt lotèl la. Se youn nan kèk etablisman ki toujou ap fonksyone nan vil la. Se yon kote enpòtan pou moun rich Ayiti. Isit la se kote ti sa ki rete nan elit Pòtoprens lan reyini. Anpil nan yo se gason. Kèk gen desandans palestinyèn ak libanèz e gen fanmi yo ki te rive kòm machann nan mitan XXèm syèk la. Moun sa yo tounen yon elit pwisan. Men tou gen yon elit ki se ayisyen nèt oswa “kreyòl” ki nan politik epi konstwi gwo antrepriz nan peyi a.

Zòn uitè nan aswè, yon gwoup jèn fanm monte nan rooftop la. Yo tout te nwa, gen bèl fòm epi yo te gen ti rad trè kout ak anpil koulè sou yo. Gason po blanch yo nan bar la t ap gade yo san kache epi pale sou medam yo, ap diskite sou kiyès ki pi bèl. Medam yo souri. E espas la te tounen yon fèt.

Lotèl Karibe nan zòn Petyonvil, yon komin ki gen kèk fanmi rich yo konsidere kòm kote ki gen plis sekirite nan kapital la depi 2021. Zòn sa a gen etablisman ki jeneralman asosye ak moun rich : restoran bon bouch, salon bote, boutik rad elatriye. Men mizè nan peyi ki pi pòv nan Amerik la antre tout kote.

Petyonvil genyen tou plizyè douzèn bidonvil ki pòv anpil nan mòn yo. Sanble nenpòt ki lè y ap glise. Gras ak brigad yo, Petyonvil tounen santral fòtrès la. Nan Lotèl Karibe gen reyinyon ant autorite yo. San okenn lojik biznis ap kontinye, pwodui ki pa ka gate ap antre, byè, rad, machin, pafen, frijidè, èkondisyone… Anpil nan fonksyonè òganizasyon entènasyonal yo ki toujou rete nan vil la ap viv nan lotèl sa a tou.

Kay gang ame te detwi nan yon lari nan katye Solino, Pòtoprens, Ayiti, nan dat 17 fevriye 2026, ki te atake pa manm gang yo nan fen ane 2024.

Akoz katastwòf imanitè ki t ap blayi sou Pòtoprens, Nasyonzini te fè yon misyon sekou anba direksyon lapolis nan peyi Kenya nan lane 2023. Objèktif misyon sa a te ede lapolis ayisyen an pran kontwòl gang yo epi pwoteje enfrastrikti ki nesesè pou Leta kontinye fonksyone kòm Leta. Pou sa peyi Kenya te voye plizyè gwoup ki fè apeprè 1,000 militè.

Entènasyonal la mete konfyans li nan militè ak polisye sa yo ki soti nan plizyè peyi k pa rich. Men pou pi fò moun k ap viv nan fòtrès la repons la se nan men Samuel Joasin, Brigad Kanape Vè a ak Bwa kale.

Vyolans deyò a pa antre nan Karibe an, ni nan pisin li an, ni sou teren tenis la, ni sou rooftop la.

Lannuit samdi sa a te cho anpil. Medam byen abiye te fè rooftop la tounen kote pou danse. DJ a monte volim mizik I Gotta Feeling, The Black Eyed Peas la. Jèn yo te kontan anpil. Anpil bwason ap koule. Lannwit la bèl. Men nan yon moman, dj a fè yon erè, li koupe mizik la, oswa te gen yon pwoblèm elektrik oswa yon fil te dekonekte. Lè sa a vil la te pale ak nou.

Foto yon fanmi yo te touye bò kote yon Bib ak yon kràn nan kay yo nan Solino, nan Pòtoprens, Ayiti, sou 17 fevriye 2026

Nou tande yon senfoni bal, eksplozyon, moun k ap kriye ak bann chen k ap jape epi k ap rele. Viv Ansanm atake yon mòn nan fwontyè fòtrès la. Brigad yo ap goumen, men yo sanble ap pèdi. Yonn nan medam yo pete yon kri sou rooftop la, men m pat konprann kisa l te vle di. Li sanble t ap kriye pou sa l pèdi. Sa l te pèdi a te fè l mal anpil. De nan jèn fi yo kenbe men epi youn fèmen je l. Yon lòt bouche zòrèy li. Mesye po blanch yo nan bar la t ap pale de sa k ap pase a tankou moun k ap pale foutbòl. Moun ki t ap sèvi yo kanpe san deplase, yo gade anba. Fèt la kanpe.

Men mizik la te tounen, oswa fil la te rekonekte epi dj a lage Taylor Swift pou kouvri bri sa a ki te vle kraze fèt la. Bwason yo kontinye ap sikile, jèn fi yo kontinye ap danse, mesye po blanch yo kontinye nan sa yo t ap fè a. Nan mòn yo, moun yo kontinye ap pèdi ti sa yo posede. Men isit la pyès moun pa ap koute yo.

Fòtrès la kanpe pou l goumen

M te vin Pòtoprens, nan dat 7 mas la, pou temwen atak dwôn sekrè ki t ap prepare kont Jimmy Chérizier, Barbecue. Lannuit anvan an mwen te resevwa mesaj Mesye X ki te avèti m pou m pare pou “yon evenman enpòtan”. Nouvèl la te gaye nan vil la tankou dife. Yon gwoup polisye ki anba lòd premye minis la, Alix Didier Fils-Aimé, e ki fè pati Task Force la, lage plizyè dwôn ak bonm sou Jimmy Chérizier, Barbecue, nan zòn ki anba kontwòl Viv Ansanm lan nan Delmas 6. Men se te yon echèk.

Kèk èd tan apre, Barbecue poste yon videyo sou rezo sosyo l yo kote l ap pale fò epi montre rès yon dwôn. Li revele li te blese yon ti kras. Se te yon katastwòf pou  yon operasyon ki te koute anpil lajan konsa te si mal fèt. Mèsenè yo pa ka montre kadav yon bandi enpòtan. Mwen sipoze lawont fè yo pa t reponn telefòn mwen ankò. Depi jou sa a, mwen bloke nan Pòtoprens.

Atak Viv Ansanm yo akselere. Barbecue te fè sa l te menase pou l fè yo. Nan de dènye semèn yo, li atake plizyè douzèn katye nan zòn Kenscoff ak Kafou Fèy, nan limit ki pi pòv nan fòtrès la. Kout bal gaye epi dife limen nan mòn yo.

Ivander, gid mwen an, te fè yon plan pou l kache pitit fi l yo nan youn nan kamyon k ap antre soti nan vil la pou ale Jacmel pou l te ka sove yo. Men wout pou soti yo te bloke, e mesye Viv Ansanm yo fouye chak transpò pou volè lajan epi asire yo moun yo rete nan pèlen yo te fè vil la tounen an.

“M ap ak pitit gason m ak madanm mwen, nou ka goumen oswa kouri men ti fi yo pa ka fè sa”, se sa l te di m yon apremidi pandan nou t ap chèche timoun yo nan youn nan lekòl ki te toujou ap fonksyone nan fòtrès la.

Nan dènye jou yo, antre fòtrès la rete fèmen. Chèf Brigad yo mande moun yo pare pou goumen. Si bandi yo pran fòtrès la pa gen lòt kote pou pran refij. Moun ki kouri vin kache isit la ranpli plas piblik ak lekòl ki konnye a gen plis moun pase sa yo ka pran. Kizin lan te gen anpil travay.

Lè tout bagay sanble pèdi, rezistans lan deside fè yon dènye tantativ.

Samuel Joasil ak sòlda l yo li yo te bay lòd pou brigad la, ansanm ak popilasyon fòtrès la, pran Fò Nasyonal, nan sant vil la. Se lè sa a mwen konprann ke Ivander, gid mwen an, fè pati Brigad la. Li se yon chèf nan kominote a k ap planifye pou l al goumen ak moun yo. Li envite m rejwenn li. Mwen aksepte. Mwen pa t dwe fè sa.

19 mas, nou pran direksyon Petyonvil pasan pa Debisi ak Kanape Vè, kote Samuel Joasil òganize yon manifestation ak plizyè milye moun pou rantre nan sant vil la. Nou oblije mache, gen yon pwen verifikasyon a chak 100 mèt, epi rezidan yo simaye barikad sou tout wout la.

Nan ayè mwen te akonpanye Ivander pou l al achte manchèt nan mache Petyonvil. M te we kamyon plen k ap vann kabann tankou pate cho. Tout moun gen zam, sof mwen. Moun ki pa t gen zam oswa yon zam kreyòl te gen manchèt, gen lòt ki te gen boutèy oubyen zam David yo: wòch.

Si n ale nan definisyon teknik yo, moun sa yo pa t ap planifye yon manifestasyon lapè, ni yon manifestasyon ak vyolans. Yo t ap al fè yon soulèvman.

Yo deklare byen fò : “Kanape Vè pa Solino!”, pandan y ap sekwe branch pyebwa yo te koupe sou wout la.

“Yo p ap pase!”, plizyè santèn nan yo di an menm tan ak anpil kòlè. “Yo p ap pase!”.

Li 9è nan maten, e nou anreta. Gwoup prensipal la deja kite Kanape Vèe ansanm ak Samuel Joasil epi sòlda li yo. Nou rete dèyè nou menm. M mache ak gwoup Ivander an pandan 30 minit anviwon, nou pase barikad ak pwen kontwòl jiskaske nou rive nan mitan Kanape Vè. Se la bagay la pase.

Yon mesye fikse m, li sanble pa konprann poukisa m nan mitan gwoup la. “Nou pa vle blan la a” li deklare nan yon kreyòl ki difisil pou m konprann. “Nou pa bezwen jounalis”, li di, ou ka wè venn nan kou l k ap bat. Malerezman pou mwen, mwen tou de sa l di yo. Ivander di m inyore l epi kontinye mache, men gen de lòt ki rejwenn li. Nou avanse, Ivander pa sanble preyokipe – se yon gwo nèg yo sanble respekte kom lidè.

Nou rive kote egzat premye Bwa kale a te fèt, kote yo te boule vivan 13 moun nan mwa avril 2023. Atè a, ou ka we tras nwa ak fil kawotchou k boule. Nan yon moman, m tande yon eksplozyon epi moun tonbe kouri. M pa konnen si se bal yo tire sou foul la, oubyen si yon moun te gen yon bonm atizanal ki eksploze, men tout moun pete kouri.

Nou kouri tou, men yon gwoup jenn gason antoure nou, y ap fikse m epi yo tonbe rele sou mwen.

Ivander eseye pale ak yo. Men li enposib pou fè yon foul wè larezon, yon foul ki fache pa gen zòrey pou tande. Yo di yo pa bezwen moun blan la a. Yo kòmanse frape n. Manchèt rale. Moun ki te kouri pou eksplozyon an retounen, yo fè yon sèk epi tonbe bat nou ak yon anvi pou yo touye. Nan moman sa a, yo apeprè 60, answit 100, epi plis toujou. Se yon foul, se yo k fòtres la.

Yon mesye pouse nou nan direksyon kizin lan, yon lòt vini ak yon galon gazolin pandan l ap di byen fò mo mwen pi pè a : Bwa kale!

Bri plizyè douzèn manchèt k ap fwote atè a pat kite moun tande okenn lòt bagay jiskaske n rive nan kwen Ri 27, Bwa Patat, devan Tag Supermarket la ki te pou fanmi Abraham lan. Se tankou yon vag lanmè k ap pote w ale. Pafwa w pye w pa touche tè, ou kite yo mennen w ale. Pa gen posiblite pou reziste ankò. Reziste kapab fè w mouri pi vit, e nan plis vyolans.

Kèk moun tante kalme foul la, men sèl sa yo reyisi fè se ralanti yo. Yon jenn gason ak yon mayo ble epi yon mouchwa wouj pase nan kou l pouse nou sou yon taksi moto, e mande chofe an kouri vit, deplase. Men moun yo atake n, frape n. M resevwa yon kout bot nan pye goch mwen, ki frape pye m na monfle moto a. Doule an fe l difisil pou m fe mouvman.

Jèn gason an ensiste, m remake pyes moun pa frape l. Li setenman s on moun enpotan, menm si dapre estimasyon m li pa gen 18 an. Bri manchet sou beton an retire tout panse rasyonel pou echafode yon plan pou m sove. Panse m apral mouri ranmase nan fil kawotchou nwa praralize m. Yo rele sou mwen, krache tonbe nan vizaj mwen, m pran sant wonm. Ivander sispann fe mouvman, li blanchi. Chak kou yo ba l li pliye tankou yon pyebwa nan mitan yon gwo lapli.

Jèn gason ki te gen mouchwa a fè nou monte taksi moto a. Li bay chofè a lòd pou l deplase ak nou. Kèk kout wòch pase toupre n. Bouch mwen plen san. Sant gazolin ak son manchèt y ap frape atè diminye piti piti.

Yo pa vle moun blan isit la. Moun yo fatige. Yo vle boule tout bagay. Bwa kale!

Wonm Barbancourt ak mèt dife a

Chèf brigad yo kontakte m nan jou apre a. Yo di yo regrèt sak pase a. Yo di sa k pase an se yon move bagay e si yo te konnen, yo pat ap kite sa rive. M pase plizyè semèn ap eseye pale ak yo. Men se kounye a lè mwatye kò m ap fè m mal epi souvni dife ap toumante m, se lè sa yo vle banm entèvyou. Yon kouzen Samuel Joasil te kontakte m. Non l se Frantz, li se yon gwo chèf nan brigad la. Yo dekri m li tankou yon gason vanyan ki kanpe goumen, e fè bandi yo pè l akoz vyolans li epi fason l mache pran yo pou fè yo tounen tach nwa sou tè nan kizin lan.

Li ba m yon randevou nan yon ti bar sou teritwa l. Ivander òganize reyinyon an epi akonpanye m. Nou rive apre senkè nan apremidi. Espas la piti anpil, li sèlman klere ak yon ti limyè jòn k ap mouri. Tan pase, li te vin fènwa e ti limyè an te apèn bay ase limyè pou nou te ka wè figi yonn lòt. Pandan n ap tann chèf la nou mande 2 wonm Barbancourt. Yon machann bar la ki gen gwo linèt, mèg, san cheve, e ki petèt gen senkant lane, te sèvi nou. Vwazinaj la deja kòmanse pase barikad nan lari a pou tann atak Viv Ansanm pandan sware a. Frantz poko rive.

Lannwit lan ap pran chè, machann lan kontinye sèvi nou wonm. Lafimen sigarèt ranpli ti bar la, m kòmanse pèdi pasyans. Nou te prèske ale lè machann bar la vin chita devan m. Li te lonje men l ban mwen epi l di: “Frantz, enchanté”.

Se yon gwo nèg, li pale tankou yon politisyen. Li fè anpil jès ak men l, lonje dwèt li nan figi m pandan l ap pale.

Nou pat ka echanje rapid, akoz nesesite pou Ivander tradui. Li eksplike m rezistans fòtrès la kapab parèt an dezòd, men an reyalite li byen òganize. Chak kote gen yon chèf ki gen moman yo pou kanpe dèyè mi barikad yo

Nan jou gwo atak Viv Ansanm, oswa lè yo jwenn kèk enfòmasyon sou atak ki pral fèt, yo fèmen lari yo. Plizyè jenn gason ak zam kanpe nan antre chak katye pou fouye tout moun k ap antre epi soti. Lè yon pati nan fòtrès anba atak, li difisil pou yojwenn ranfò, paske tout moun ale yon sèl kote sa ap fè lòt pati yo tonbe an feblès. Yo pedi plizyè katye, men yo aprann ak chak eksperyans.

Frantz eksplike m Samuel Joasil, kouzen l lan, se yon polisye wo grade ki gen kontak ak chèf lapolis la.  Lè bandi kòmanse pran katye apre katye, Samuel, ak fanmi l epi kèk asosye, òganize polisye ki nan zòn lan. Li nome chèf, jwenn zam, epi kreye yon sistèm kolektif pou defann blòk la. Dapre Frantz, pa gen ase zam pou tout moun, men yo aprann moun nan katye yo pou batay ak manchèt epi kreye zam pa yo ak sa yo jwenn. Li mete aksan sou linite, ki enpòtan : yon nèg k ap batay poukont li, ap mouri poukont li. Samuel mete anpil moun travay ansanm.

Franz pale  sou enpòtans Kanape Vè. Li desine yon kat sou tab la ak dwèt li epi eksplike m pou bandi te anvayi fòtrès la, yo dwe bat Kanape Vè, answit monte gwo mòn Debussy an, ki anba pwoteksyon yon lòt polisye yo rekonèt sou non Lelé. M te gen move chans rankontre misye lè li rale zam sou mwen premye fwa m te kwaze ak Brigad la.

Franz fè kòlè lè m poze l kesyon sou Bwa kale. Li bay garanti toum moun yo met dife sou yo se manm gang. Se tou moun yo te jwenn ak zam oswa k k ap eseye antre nan fòtrès la lannwit. Se yon seri aksyon k fèt san planifye.

—Kisa n ap fè lè bandi yo rive isiya? —mwen te mande l.

Li reponn yo p ap reyisi rantre. M ensiste, e m raple l sitiyasyon Solino.

—Moun yo pa ka kouri ankò. Si nou dwe mouri, n ap mouri pandan n ap goumen —li te reponn mwen, pandan l ap montre m yon zam kalib 45 li pote nan senti l.

Apresa li te kanpe rèd. Entèvyou an fini.

JUAN MARTÍNEZ D’AUBUISSON  | Pòtoprens.

Kredi pou foto yo : Clarens Siffroy (GI-TOC)

Comments