Insécurité

Polisye sa a pran 2 bal nan tèt. Se pa premye sakrifis li pou Ayiti.

0

Polisye Kafou Fèy la arete moun ki enplike nan masak. Yo lage l. Nan kontèks enpinite a, li pran 2 bal nan tèt, prèske pèdi je l e gang mete dife nan lakay li

Atik sa a fè pati yon pwojè Dromómanos ak Global Initiative (GI-TOC) sou efondreman Pòtoprens.

Polisye an pran 2 bal nan tèt. M resevwa foto l nan aprèmidi 23 fevriye 2026 la.

Kòm jounalis Pòtoprens depi yon dizèn lane, m abitye ak imaj terib: prezidan Jovenel Moïse, ak yon je rache, yo touye anndan chanm li an 2021; kadav san tèt devan pòt kote m rete, lòt ki boule nan prèske chak kafou.

Men foto sa a touche m. Polisye Kafou Fèy la se yonn nan sous mwen nan lapolis.

Nan maten fevriye a, li pran bal pandan l ap tante arete plizyè kidnapè Dèlma. Bandi yo touye de polisye nan afwontman an. Misye blese, kolèg li yo kouri mennen l lopital La Paix, ki a kèk kilomèt de baz Jimmy « Barbecue » Chérizier.

Lidè gang Barbecue ap pale ak manm gang li yo nan katye li nan Pòtoprens, 6 jiyè 2025. Foto : Clarens Siffroy / GI-TOC

M jeneralman evite Dèlma depi  Barbecue te menase l ap vin chèche m sa fè anviwon yon lane. Misye te fache apre m pibliye yon atik ki konfime plizyè jounalis etranje te pote mas, alkòl ak sigarèt pou li.

Li atik sa tou : Controverse sur les cadeaux des journalistes de Reuters à Barbecue

Men Polisye Kafou Fèy la se yonn nan polisye m konnen k sakrifye l plis pou peyi sa a. L ap tann doktè pou opere l nan tèt. M pran direksyon Dèlma 33 pou al vizite l.

***

M kòmanse echanje ak Polisye Kafou Fèy la pandan eskandal Fednel Moncherry a. Yon tranblemanntè politik.

Moncherry se ansyen direktè jeneral Ministè Enteryè ak Kolektivite Teritoryal, yon pozisyon kle pou kontwole rezo moun k ap travay pou pouvwa a nan tout peyi a.

Alepòk, li te gen manda arestasyon dèyè l pou patisipasyon l nan masak La Saline lan, kote plis pase 70 moun te mouri ant 13 ak 18 novanm 2018. Plizyè temwen di yo te wè polisye ak nèg ak zam k ap tire sou sivil. Yo te koupe tèt kèk ak manchèt nan lari nan katye a.

Lèzetazini te pran sanksyon kont Moncherry ansanm ak ansyen delege depatmantal la Joseph Pierre Richard Duplan ak Barbecue, poutèt patisipasyon yo nan masak sa a.

La Saline te yonn nan motè mobilizasyon kont dilapidasyon lajan PetroCaribe a. Plizyè gouvènman sou akizasyon paske yo gaspiye milya dola, ki te soti nan pwogram petwòl Venezyela sa nan fo pwojè, dapre rapò ofisyèl. Pou anpil òganizasyon k ap defann dwa moun, masak la te fèt pou kase pwotestasyon an.

Se sa k te fèt.

Masak ak atak sou oganizatè yo kase fe pi gwo mobilizasyon popilè peyi a konnen depi 1986 lan. Tèt mouvman an yo kite peyi a youn apre lòt. Kèk nan yo paske yo te fatige. Anpil akoz menas.

Malgre manda arestasyon an, Moncherry te toujou ap sikile libelibè.

Nan maten 13 fevriye 2021 an, sis polisye ki soti nan komisarya Pòtoprens entèsepte misye Turgeau. Pami ajan yo te gen Polisye Kafou Fèy la ak Straly Joseph. Dapre ajan yo, Moncherry te ofri lajan pou yo te ka lage l. Yo di yo refize.

Yon polisye ayisyen ap monte sou yon veyikil blende pandan yon patwouy nan sant vil Pòtoprens, 16 janvye 2026. Foto : Clarens Siffroy / GI-TOC

Men lè yo rive nan komisarya a —kote Moncherry te dwe fèmen nan yon selil anvan yo mennen l devan yon jij—, bagay yo chavire. Chèf komisarya a reprimande ajan yo: « Nou mete tèt nou nan pwoblèm. »

Komisarya a lage Fednel Moncherry kèk èdtan apre.

Sa pa etranj: nan zafè PetroCaribe a, pa gen okenn responsab yo kondane. Gwo chèf ak zouzoun yo site nan rapò yo kontinye ak aktivite yo, genyen ki nan Leta, lòt k ap prepare pou eleksyon.

Men polisye k te arete Moncherry yo tounen sib: nan mwa apre ensidan an, yo pèsekite epi menase yo.

Twa ladan pran egzil, pami yo Straly Joseph.

Nan mwa septanm 2021, Joseph pran wout Meksik epi apre Etazini. Twa jou apre yo lage Moncherry, nèg ak zam te atake kay li. Li rive sove lavi l ak madanm li epi senk pitit li yo. Men kay la, te krible ak bal. Se pat yon kote moun te ka abite ankò.

Polisye Kafou Fèy la te pèdi kay li tou.

Nan mwa dawout 2023, kèk bandi atake kay li nan katye l Kafou Fèy. Li pa t la jou sa a kote plizyè milye moun —pami yo polisye— te kouri kite katye a.

Asayan yo piye kay li anvan yo mete dife ladan l. Yo te ale ak telefòn li, zam sèvis li ak papye l yo.

Dapre temwen yo, yo te ale ak yon twofe senbolik tou: inifòm polisye l la.

***

M al lopital La Paix demen apre m fin resevwa foto a.

Li klè depi nan baryè a  s on enstitisyon k nan limit kapasite l.

Chak jou yo resevwa ant 400 ak 450 moun  nan ijans, pami yo gen yon kenzèn moun ki pran bal, dapre direktè a, Doktè Paul Junior Fontilus. Moun sa yo vin ajoute sou 210 lòt ki entène.

Nan yè, jou gen afwontman ak kidnapè yo, La Paix te resevwa yon douzèn moun blese anba bal, pami yo de timoun ak twa polisye.

Polisye Kafou Fèy la pataje chanm ak yon lòt ajan nan yon inite espesyalize. Li menm tou l te pran de bal pandan atak la, yonn nan vant li ak yonn nan pati jenital li.

Yon polisye ayisyen vize ak zam li deyò nan yon fenèt yon veyikil blende pandan yon patwouy nan sant vil Pòtoprens, 16 janvye 2026. Foto : Clarens Siffroy / GI-TOC

Polisye Kafou Fèy la chita sou yon ti kabann kwense, ak do l kole nan yon mi penti k ap pèdi koulè. Li chèche pami imaj sou telefòn li pou montre m « eskanè » tèt li. Li pran yon bal a boupòtan anba je dwat li. Bal la rantre nan zo nen l. Bal li te pran sou tèt li an rebondi. Li kite plizyè ti moso ki parèt nan imaj la.

Vizitè ap antre soti.

Polisye Kafou Fèy la kouche, li leve epi l apiye do l sou mi an. Li kouvri figi l ak de men l. Pansman anba je l la pran yon koulè wouj fonse.

Li di l kontan dèske vivan. Men ti moso bal ki parèt nan tèt li yo enkyetan: èske gen domaj nan sèvo l?

***

Nan maten afwontman an, Polisye Kafou Fèy la pa t nan sèvis. Li te reveye avan solèy leve pou pote yon komisyon bay yon moun pou manman l ki soufri atwoz, tansyon wo ak sik.

Polisye Kafou Fèy la te pran randevou nan zòn endistriyèl Pòtoprens lan. Li rive vè 6:30 nan maten. Lè l fin bay lajan an epi l ap pare pou l tounen, yon nouvèl pase nan radyo kominikasyon an: yo fèk anrejistre yon tantativ kidnaping nan Dèlma 48.

Polisye Kafou Fèy la te dwe rankontre ak yon lòt polisye nan Dèlma 31 pou y al travay. Li te pase chèche misye epi li te rele chèf li pou l di kote l ye.

Si yo kwaze ak kidnapè yo, y ap aji.

De nèg yo rive Dèlma 31 an. Zòn nan te chofe, sa pa fè lontan kout zam t ap chante.

Pi lwen, toupre lakou Sen Lwi Gonzag lan, bandi te fèk asasinen yon polisye nan Biwo Envestigasyon Dèlma. Asayan yo te kouri sou yon machin Leta ak sou moto. Polisye Kafou Fèy la ak kòlèg li yo eseye swiv yo.

Sanble te gen twa bandi. Ak èd moun nan katye a, yo te finalman jwenn yo. Nan moman sa a te gen sèt polisye nan sou sèn lan.

Afwontman an pete.

Plizyè polisye te blese.

Apre l fin pran frap yo, Polisye Kafou Fèy la di tèt li klè lè kòlèg li yo te eskòte l an ijans nan lopital La Paix.

Yon polisye ayisyen ap monte sou yon veyikil blende pandan yon patwouy nan sant vil Pòtoprens, 16 janvye 2026. Foto : Clarens Siffroy / GI-TOC

Pandan l lopital la, gen yon detay ki pase nan tèt li: nèg ki t ap tire yo te mayo nwa ak mo « Lapolis » sou yo. Yonn nan yo te pote yon djakèt Direksyon Santral Polis Jidisyè (DCPJ). Nan yon lòt afwontman menm jou a, asayan yo te abiye ak pantalon epi jilè lapolis.

Menm semèn lan, yo arete plizyè polisye pou enplikasyon nan kidnaping, dapre yon sous anndan enstitisyon an. Nan moman afwontman yo, Polisye Kafou Fèy la te ka anfas pwòp kòlèg li.

***

Mwen rankontre Polisye Kafou Fèy la lakay li de jou apre l soti lopital. Li prèske pa wè nan je dwat li a. Sèvo l anfòm, men li gen ti moso bal nan kràn  li. Li gen maltèt ki sanse pa janm pase, pafwa yo tèlman fò li oblije sispann pale.

Li dwe peye yon bon pati nan swivi medikal yo ak kòb poch li.

Lè kriminèl yo te mete dife lakay li Kafou Fèy, lapolis pa t ba l okenn èd. Pandan plizyè mwa, li te oblije dòmi nan machin sèvis li avan l t al rete kay yon zanmi ak fanmi li.

Misye pran nesans Kafou Fèy nan mwa janvye 1985. Li se premye nan twa frè, e li leve nan zòn lan.

Yon polisye ayisyen vize ak zam li deyò nan yon fenèt yon veyikil blende pandan yon patwouy nan sant vil Pòtoprens, 16 janvye 2026. Foto : Clarens Siffroy / GI-TOC

Manman te leve timoun yo poukont li. Nan kòmansman ane 2000 yo, katye a te kòmanse chanje.

Kafou Fèy pa t yon kote trankil. Te gen vakabon ak kriminèl. Men, piti piti, sitiyasyon an te kòmanse deteryore.

Te gen gwo chèf ak zam ki kòmanse bay pwoblèm: jenn gason ki te gen rapò ak politik epi biznisman nan kapital la t ap mache ak zam nan men yo san pwoblèm.

Kèk nan zanmi anfans Polisye Kafou Fèy la te rantre nan gang.

Li pale de youn ladan yo: « Taptap ». Yo te konn jwe ansanm lè yo te piti. Lane apre, misye rantre nan kidnaping. Yo touye l sa fè kèk lane toupre plas Jeremi an. Toupre kadav li, yo jwenn yon inifòm polisye.

« Mwen leve ansanm avè l, » Polisye Kafou Fèy la di. Polisye depi douz lanne, li touche 33,000 goud pa mwa (apèn 250 dola).

Li dwe peye oftalmològ la. Pran swen fanmi l. Okipe manman l. Epi konsève pòs li nan yon peyi kote chomaj bat tout rekò.

Li fè yon ti poz.

« Fòk mwen tounen travay. »

Yon atik : Widlore Mérancourt

Widlore Mérancourt est éditeur en chef d’AyiboPost et contributeur régulier au Washington Post. Il détient une maîtrise en Management des médias de l’Université de Lille et une licence en sciences juridiques. Il a été Content Manager de LoopHaïti.

Comments