SOCIÉTÉ

Devan Lopital La Paix gen anviwon 20 “famasi” ilegal | Videyo

0

Devan Lopital La Paix, nan Dèlma 33, prèske 20 kamyonèt, machin ak lòt espas mobil ap vann medikaman. Anpil ladan yo fonksyone san otorizasyon, pandan medikaman yo ekspoze ak chalè, pousyè ak lòt move kondisyon. AyiboPost ap eksplike w poukisa pratik sa a ka reprezante yon gwo danje pou sante moun.

Eske w abitye wè ti kamyonèt ak machin prive sa yo k ap vann medikaman devan lopital La Paix a nan Dèlma 33 ? Jodiya, AyiboPost pral mete limyè sou pratik sa a k ap fèt ilegalman, epi esplike w danje medikaman k ap vann nan move kondisyon konsèvasyon sa yo reprezante pou sante moun. 

 Lè w rive nan rantre Lopital Inivèsitè Lapè a, nan Dèlma 33, premye sa w remake, se enstalasyon prèske yon ventèn espas mobil. Yo nan kamyonèt, machin prive, ak ti karavàn ki ranje bò twotwa a, ki tounen famasi.

Enfòmasyon AyiboPost jwenn sou tèren an, konfime pifò moun k ap vann medikaman sa yo pa genyen fòmasyon, patant, osnon otorizasyon lameri.

Li fasil pou konstate, anba solèy midi, bwat medikaman ki anpile dèyè vit ki sal ak pousyè, san okenn lòd.

E poukisa enstalasyon sa yo s on pwoblèm ?

Daprè kèk espesyalis nan famokoloji AyiboPost pale ak yo, sitiyasyon sa a reprezante yon gwo ris pou sante pasyan ak konsomatè yo.

Dabò, espesyalis nan famakoloji Ernst Vilsaint di AyiboPost, « kondisyon kote yo vann medikaman sa yo kapab yon gwo ris pou sante pasyan yo. »

 Espesyalis la kontinye pou l di move kondisyon konsèvasyon ka fè medikaman yo pèdi efikasite yo. Kidonk tretman yo ka pa mache. Nan kèk ka, yo ka degrade, fè sibstans toksik osnon pran bakteri. Sa vin ogmante ris pou pasyan yo, espesyalman pou medikaman yo bay nan venn, oubyen sa ki mande kondisyon konsèvasyon estrik.

Anglaison Désir, ki se machann medikaman, menm jan ak anpil lòt komèsan, enstale kamyonèt li depi de (2) lane touprè lopital La Paix a. 

Selon sa l di AyiboPost, li pa ni famasyen ni pwofesyonèl sante, men li aprann poukont li, epi li gen senk lane depi l ap vann medikaman nan sektè enfòmèl la.

Li te di AyiboPost, « ou jis bezwen li preskripsyon kliyan an byen, oubyen menm san preskripsyon, ede l jwenn medikaman ki bon pou li selon bezwen l. »

Anba chalè solèy la ou ka wè medikaman yo ki ranje sou etajè yo, bò lari a.

Sou yo, w ap jwenn tout kalte medikaman tankou : siwo pou tous, vitamin, medikaman kont enflamasyon, antibyotik, grenn pou tansyon oswa dyabèt, sereng e menm ensilin.

« Pafwa moun vini ak preskripsyon, pafwa yo jis mande yon konprime pou doulè », selon sa Oswald Ryswick, ki chita dèyè machin li kote li vann pwodwi li yo, te esplike AyiboPost. 

Nan Dèlma 33, li fasil pou remake lokal La Paix a ki se prensipal lopital piblik nan rejyon metwopolitèn Pòtoprens la, ki t a dwe bay swen anba règ sanitè estrik, epi touprè a yon seri ti kamyonèt ki ekspoze pwodui famasetik, san okenn swen.

Nan kondisyon nòmal, espesyalis Vilsaint eksplike, medikaman yo dwe estoke nan anviwònman ki kontwole, ki pa dwe danse kole ak chalè oubyen ak imidite.

Yon rapò teknik Òganizasyon Mondyal Lasante pibliye an 2011 rekòmande pou kote yo resevwa ak voye medikaman, pwoteje yo kont solèy, pousyè, lapli ak tanperati ki twò cho oubyen twò frèt.

An reyalite, pwoblèm sa a pa nouvo an Ayiti. Malgre lwa ki egziste sou domèn famakoloji nan peyi a, reyalite vann medikaman ilegalman toujou kontinye fèt. Tout kote, nou ka remake machann medikaman bò lari, nan bis elatriye.

Mwen dwe di nou tou, lejislasyon ayisyen ki kontwole sektè famasetik la nan peyi a egziste depi lane 1955. Dapre atik 6 nan lwa sa, se sèlman moun ki gen diplòm famasyen, Leta bay, ki ka pratike pwofesyon an.

N ap souliye, daprè MSPP lwa sa a vin gen limit li, paske li pa ajou parapò ak reyalite ki vin gen jodiya, selon dokiman Politik Famasetik Nasyonal (PPN) MSPP a, ki te pibliye an septanm 2014.

Pifò boutik famasetik an Ayiti ap fonksyone san règleman ak kontwòl Leta.

An Ayiti, se Direksyon famasi, medikaman ak medsin tradisyonèl (DPM/MT) nan MSPP ki kontwole sektè a. Yon sous nan enstitisyon an te fè AyiboPost konnen yo okouran sou sitiyasyon devan lopital La Paix a, e yo pral pran mezi pou regle sa.

Pou ane fiskal 2025-2026, gen sèlman 203 etablisman famasetik prive ki gen otorizasyon sou tout tèritwa a.

Gen depatman tankou Sidès ak Nòdwès ki pa gen okenn famasi ki otorize k ap fonksyone ladan yo, selon enfòmasyon AyiboPost rive jwenn. 

Espesyalis Vilsant ajoute pou l di : « sa vrèman bay kè sote lè nou konsidere kantite etablisman k ap fonksyone. »

Plizyè machann AyiboPost rankontre esplike yon reyalite ekonomik difisil ki vin oblije yo chèche lòt altènativ pou yo fonksyone. 

Majorite nan yo te gen famasi manm gang Viv Ansanm boule nan ri Monseyè Giyou, anba lavil, touprè Lopital Jeneral. Genyen ki di yo sove yon pati nan estòk yo pou rekòmanse fonksyone. Gen lòt ki di AyiboPost, se oblije yo oblije rekòmanse nèt.

« Lè bandi yo te kòmanse atake zòn nan, yo boule epi piye tout bagay », dapre Daphnée Léandre, pwofesyonèl nan laboratwa medikal.

Yon eksperyans ki vin fè altènativ sa a, se sèl sa yo te ka fè pou yo jwenn yon mwayen pou yo siviv. « Li pa fasil, men omwen nou ka kontinye travay », daprè sa Emile, ki pwopriyetè « Pharmacie 264 » esplike AyiboPost. 

Malgre kondisyon sa yo, aktivite a kontinye tout lajounen san okenn kontwòl Leta.

Se yon biznis ki rantab. Espas famasi mobil devan lopital La Paix yo, se premye kote ki atire kliyan sitou sila ki soti anndan lopital la. 

Distans toupiti ki genyen ant famasi mobil yo ak lopital la fè toujou gen anpil kliyan. E, pou machann yo, se yon plas ki estratejik.

Malgre yo pa gen otorizasyon Leta, pifò machann yo di yo peye lajan bay meri pou yo ka rete la.

« Mwen peye 125 000 goud bay meri pou m kenbe plas sa a », daprè sa yon machann AyiboPost pale ak li esplike, pandan nou te ka remake byen klè, etikèt otorizasyon lameri Dèlma sou kamyonèt la.

Aprè w fin konprann nan ki kondisyon medikaman ap vann nan Pòtoprens, vin di nou nan komantè yo sou kisa w swete nou fè yon pwochen travay.  

KREDI

Kamera : Marc Elie Rosena 

Montaj : Marc Elie Rosena

Prezantasyon : Love-Lica Jeannée

Repòtaj : Lucnise Duquereste

Edisyon / Sipèvizyon : Jérôme Wendy Norestyl

Widlore Mérancourt

Max Kendlay Kevjhevaal Toussaint

Journaliste à AyiboPost depuis mars 2023, Duquereste est étudiante finissante en communication sociale à la Faculté des Sciences Humaines (FASCH).

    Comments