Poukisa li difisil pou anpil moun sispann bwè bwason gazez ? Èske se sèlman yon abitid, oswa gen yon eksplikasyon syantifik dèyè sa ? Nan videyo sa a, AyiboPost esplike kijan plizyè engredyan ki nan soda yo ka enfliyanse sèvo a, kreye anvi kontinye bwè yo epi afekte sante w
Pou anpil moun, pa gen pi bèl sansasyon pase kage yon boutèy bwason gaze byen glase pou desann chalè a. Men, èske w te konnen konsomasyon bwason sa yo w ap gade la a alabaz maladi sik, kè, kari dantè, ak yon divès lòt pwoblèm sante ? Ou te toujou ap mande nan kòmantè yo yon travay sou bwason gaze yo, ebyen AyiboPost pote l pou ou
An Ayiti, li fasil pou wè bwason gaze tankou : Kola Couronne, 7 Up, Coca-Cola, ap vann nan tout lari, boutik ak nan makèt.
— Menm si n pa rive jwenn chif sou fason ayisyen konsome bwason gaze nan peyi a, yon etid Òganizasyon mondyal lasante (OMS) ki te pibliye nan lane 2024 sou konsomasyon pwodui sa a nan 111 peyi atravè lemonn, revele chak sitwayen nan peyi sa yo konsome apeprè 56 lit bwason gaze sikre chak ane.
Bwason sa yo w ap gade la a ki konn reprezante yon altènativ pou moun ki pa konsome alkòl osnon k ap chèche yon lòt esperyans, fè pati yon kategori bwason ki sikre anpil, e ki ka gen gwo enpak sou sante konsomatè yo.
Avan n al pi lwen, se kisa bwason gaze yo ye ?
Bwason gaze yo, yo rele Soda tou nan kèk rejyon, fèt ak dlo, edilkoran (natirèl osnon atifisyèl) ki se sibstans ki bay bwason an gou dous la, asid moun konsome oubyen awòm atifisyèl oubyen natirèl ki kapab sòti nan fwi, plant, rasin plant, ak lòt ankò.
Bwason yo sibi tou yon pwosesis kote yo mete gaz kabonik ladan l ki fè ti boul w ap gade la yo, ki ba w ti sansasyon pike sou lang ou lè w ap bwè l la.
Kounyeya, ou ka ap mande tèt ou, men ki pwoblèm ki genyen ak bwason gaze yo menm ?
Ebyen, premye pwoblèm lan se kantite sik yo genyen ladan yo.
► Bwason sa yo fè pati yon kategori ki se « bwason sikre » (yo rele tou soft drink), ki gen ladan l : tonik, bwason enèjizan, limonad, ji fwi atifisyèl, elt.
Pou w konprann byen, bwason sikre yo se yon seri bwason yo ajoute sik osnon lòt pwodui ki bay gou dous tankou : siwo mayi (ki chaje friktoz ladan l, elt.).
— Selon done yon etid ki pibliye nan mwa oktòb 2023 la nan revi Nature Communications, konsomasyon bwason sikre yo atravè lemonn ogmante jiska 16 %, sòti 1990 rive 2018.
Etid sa a ki analize done sou 185 peyi nan mond lan, fè konnen tou 58 nan peyi sa yo ki g on popilasyon ki reprezante 446 milyon granmoun, sa vle di 8.9 % popilasyon mondyal moun ki majè an, te abitye konsome 7 bwason sikre pa semèn.
— Selon Òganizasyon mondyal lasante (OMS), yon kanèt bwason gaze genyen jiska 40 gram sik (swa 10 ti kiyè kuizin), alòske rekòmandasyon OMS yo fè konnen li t ap pi bon si yon moun konsome apeprè 25 gram sik pa jou, ki vo tou sis (6) ti kiyè kuizin.
► Bwason gaze yo tou se yon lòt sous kalori ki vin ajoute nan alimantasyon nou. Majorite nan bwason sa yo pote anpil kalori nan kò a, san lòt eleman ki enpòtan pou òganis la tankou : pwoteyin, vitamin,… ki ede kò nou devlope, epi rete djanm.
Kidonk, yon moun k ap konsome bwason sa yo p ap santi l rasazye ke si l te jwenn menm kantite kalori, ki nan bwason sa yo nan lòt manje ki pi solid.
Gen etid ki menm montre fason konsomasyon bwason gaze yo ka fè yon moun manje anpil akoz yon gwo sekresyon òmón ki bay apeti, grelin lan, nan san konsomatè a.
Selon sa espesyalis yo fè AyiboPost konnen, bwason sa yo konn kreye yon depandans lakay konsomatè yo.
« Bwason sa yo gen yon efè sikolojik sou konsomatè a, depi l bezwen yon bwason glase, se li ki monte nan tèt li », selon sa nitrisyonis Jonathan Olivier Dorvélus esplike AyiboPost.
Li rapousuiv pou l di, « e lè [konsomatè a] bwè l, efektivman li pase swaf li. Li fè l santi l byen. Se pouvwa sik la, plis lòt eleman ki ladan l lan ki ap rann li adikte, fè toutan se li l t a renmen bwè. »
N ap presize, espesyalis yo souliye kijan piblisite agresiv pou bwason sa yo ogmante angouman anpil moun pou yo, menm si yo bay pwoblèm sante.
Ou gendwa ap di, men kisa ki fè sik la gen tout pouvwa sa a sou kò moun ?
Ebyen, Emmanuel Fils Dor, yon agwonòm ki espesyalize nan syans epi teknoloji alimantè fè AyiboPost konnen, se paske sik la aktive zòn ki responsab plezi ak rekonpans nan sevò a, epi deklannche sekresyon dopamin, òmòn plezi a. Òmòn sa a fè yo santi yo byen.
► Konsomasyon bwason sa yo, sou yon tan long, kapab bay gwo pwoblèm sante. Mwen pral esplike w.
— Premye sa n ap gade an se gwo posibilite pou konsomatè a vin pran plis pwa.
Ann analize ka yon moun ki konsome yon kanèt bwason gaze ki genyen jeneralman jiska 150 kilokalori, ki sòti prèske totalman nan sik ki ajoute ladan l.
Rechèch yo montre si w ap konsome, menm si se yon sèl, nan bwason sikre sa yo chak jou san w pa redui lòt sous kalori w genyen yo, ou kapab pran jiska 2.3 kilogram nan yon lane.
Mete sou pwa w ap pran, lè w toujou konsome bwason sa yo ki gen anpil sik, sa kapab ogmante ris pou devlope : dyabèt tip 2, maladi kè ak lòt maladi kwonik.
E, se egzakteman sa n pral esplike w.
► Annou gade pou maladi dyabèt la, sa ayisyen rele « sik » la.
— Avan n al pi lwen, nou dwe konnen Kò a bezwen sik (ki sèvi kòm kabiran ki pou founi l enèji) pou l fonksyone. Ah wi !
Sik sa a vini nan transfòmasyon kò a fè sou lòt kalte sik li jwenn (amidon, friktoz, sakawoz…) nan sa n ap manje, an glikoz ( ki se yon sik kò a ka asimile). Pou transfòmasyon aliman sa yo k ap vin tounen enèji nan kò nou an fèt, li bezwen yon òmón ki rele ensilin.
Se menm ensilin sa a ki sèvi tankou yon mesaje nan kò nou, k ap travay pou bese nivo sik ki nan san nou an.
Konsa, sik la ap sikile nan san moun lan pou al jwenn diferan selil ki nan kò l yo. E, ensilin mwen t ap pale w la aji tankou yon kle ki responsab louvri pòt selil ki nan kò a pou bay sik la rantre, epi selil yo ap pran kantite enèji yo bezwen an.
Kidonk, se konsa pwosesis nòmal la fèt.
Vin genyen dyabèt se lè kò a paka retire kantite sik ki sifizan k nan san an. Sa ki vle di sik la pa rive atenn selil yo, ki yo menm pa ka jwenn enèji yo bezwen an.
Sitiyasyon sa a konn rive lè ensilin lan gen pwoblèm, e kòm konsekans vin genyen twòp sik ki rete nan san an.
► Pou n rive konprann lyen ant konsomasyon bwason sikre tankou pwodui gazez yo ak dyabèt, AyiboPost te pale ak medsen entènis, Emmanuel Pierrelismé.
Selon sa medsen an te esplike AyiboPost, gwo kantite sik sa a ki nan san konsomatè a al chita nan fwa ak lòt zòn ki nan kò l sou fòm grès.
Espesyalis lasante yo rele akimilasyon grès sa yo nan fwa a, « maladi fwa gra », ki konn fè fwa a anfle, e menm debouche sou kansè.
N ap souliye, se youn nan konsekans grav konsomasyon bwason gaze sou konsomatè yo, e se konn faz ki pi grav la, selon kèk espesyalis.
Nitrisyonis Jonathan Oliver Dorvélus fè AyiboPost konnen gen nan konplikasyon sa yo ou pa ka fè bak, sinon fòk ou t a ranplase fwa a.
Yon operasyon espesyalis la di ki pa posib jodi a an Ayiti, e moun ki soufri maladi sa a yo konn dekouvri t a ka oblije kite peyi a pou pran swen tèt yo.
► Kounya, ann gade kisa k ap pase nan kò konsomatè a avèk gwo kantite sik sa yo.
Medsen entènis Pierrelismé ajoute pou l di AyiboPost, lè òganis konsomatè a fin abitye ak gwo kantite sik sa a, premye danje a se posibilite pou rezo kanalizasyon san an vin bouche, epi anpeche li byen sikile.
Sa kapab debouche tou sou pwoblèm ki pi gwo tankou : AVC (estwok), epi tansyon.
Menm sitiyasyon sa a ka lakòz konsomatè a pran plis pwa, men tou favorize devlopman dyabèt kategori tip 2.
Nan lane 2010, yon etid te deja fè konnen 184 000 ka lanmò nan lemond gen lyen ak konsomasyon bwason gaze. 72,3 % nan ka sa yo te lye ak dyabèt tip 2, 24,2 ladan yo te lye ak maladi kadyovaskilè, epi 3,5 te gen rapò ak kansè ki lye ak obezite.
► kisa w ka fè pou swa w chanje abitid oubyen evite w devlope lòt maladi ?
Pa enkyete, nou pral gade solisyon yo.
— Parapò ak danje espesyalis ak òganis sante tankou OMS fè konnen ki genyen nan bwason gaze yo akoz kantite sik yo ki twò wo, gen konpayi ki komèsyalize bwason gaze ki pa itilize sik pou bay gou dous la, kòm altènativ.
Men, èske bwason gaze sa yo san danje pou lasante ?
Ebyen, repons lan se non.
Paske, menm si bwason an pa gen sik, sibstans ki itilize nan plas sik la, ki se edilkoran atifisyèl, s on pwodui chimik ki pa pote twòp enèji (kalori) pou kò a oubyen ki pa pote ditou.
Pwodui (edilkoran) sa yo : aspatam, sakchawoz, sikraloz, … toujou fè konsomatè yo devlope yon depandans ak gou sikre yo genyen an. Mete sou sa, yo pa pote valè nitritif pou kò a, e anpil nan yo asid. Sa ki kapab afekte dan nan bouch konsomatè a, e menm rive ba li kari dantè.
Nan mwa jiyè 2023, Òganizasyon mondyal lasante, ak Sant entènasyonal sou kansè pibliye rezilta yon evalyasyon sou danje ak ris ki lye ak edilkoran aspatam lan, ki kòmanse itilize depi lane 1980 nan divès pwodui alimantè ak bwason, pwodui ki fèt ak lèt, sereyal, krèm glase, chiklèt, elt.
Nan kominike sa a, entitisyon sanitè yo te klase aspatam lan kòm pwodui ki posib pou kanserijèn pou moun.
► Men, ki pi bon chwa n ka fè ?
Pou espesyalis nan nitrisyon Dorvelus, « Pi bon solisyon an, se pa bwè soda ditou. »
Men, lefètke yon bon kantite moun ap konsome bwason sa yo, espesyalis la ba n kèk konsèy endividyèl tankou :
-redui sou konsomasyon bwason gaze yo,
-fè plis aktivite fizik
-manje fwi ak legim
-limite sik, sèl ak grès
Espesyalis nan syans epi teknoloji alimantè Estime Osnel, bò kote pa l kwè « gouvènman an dwe mete règlemantasyon klè sou ki pwodui ki nan bwason gaze yo, mete etikèt ki klè, epi fikse nòm pou konpozan bwason sa yo. »
Espesyalis yo mande tou pou Ministè Sante Piblik ak Biwo ayisyen Nòmalizasyon (BAHN) kontwole pwodui ki rele aditif epi oksilyè teknolojik yo.
Otorite yo dwe mete sou pye, kou edikasyon nitrisyonèl nan lekòl avèk kantin ki bay manje ekilibre. Paske jan nitrisyonis Dorvélus di li « lasante se pa sèlman zafè yon endividi, se zafè Leta tou. »
Òganizasyon mondyal lasante (OMS) bò kote pa l ankouraje peyi yo enpoze yon taks sanitè sou pwodui ki reprezante yon danje pou lasante tankou : tabak, alkòl ak bwason sikre yo. Sa ki ka ede sove lavi moun, fè prevansyon, men tou taks sa yo ka itilize nan finansman kouvèti sante.
Nan yon rapò OMS te deja pibliye, li fè konnen nan mwa jiyè 2024 te gen omwen 116 peyi ki aplike taks sa yo lakay yo, sou omwen yon kategori bwason sikre. Pami peyi sa yo, 114 te aplike taks sou bwason gaze sikre yo. Men, w ap sezi tande rapò a mansyone peyi tankou Azèbayjan ak Ayiti pa aplike taks sou bwason gaze sikre sa yo.
Aprè w fin konnen danje ki genyen nan bwè bwason gaze tout tan, ki lòt pwodui ankò w t a renmen n fè yon travay sou li ?
Kredi
► Kamera / Montaj : Jean Judelin Isaac
► Redaksyon / Prezantasyon : Lucnise Duquereste
► Repòtaj : Hervia Dorsinville
► Edisyon / Sipèvizyon :
Jérôme Wendy Norestyl
Widlore Mérancourt
Max Kendlay K. Toussaint
Philicien Casimir






Comments