MigrationSOCIÉTÉ

Plizyè Ayisyen anba gwo akizasyon nan Zile Turks and Caicos | Videyo

0

Depi apre yon fiziyad nan fen jiyè 2025 sou Zile Turks and Caicos, anpil dwèt ap pwente sou kominote ayisyen an, kote yo akize yo ap « enpòte fenomèn gang » nan Zile a. Pou w konprann pi byen reyalite kominote ayisyen k ap viv sou zile sa yo, AyiboPost envite w gade repòtaj sila a

Depi apre yon fiziyad nan fen mwa jiyè 2025 lan sou Zile Turks and Caicos yo, plizyè migran ayisyen k ap viv nan peyi sa a esprime gwo kè kase yo genyen, sitou aprè otorite yo fè konnen yon bon pati nan zak vyolans k ap pase sou zile a konsantre nan kominote ayisyen yo. Otorite yo akize Ayisyen kòmkwa y ap enpòte fenomèn gang lan nan Ziltik. Pou w konprann pi byen reyalite kominote ayisyen k ap viv sou zile sa yo, AyiboPost envite w gade repòtaj sila a jis nan fen paske n ap montre rapò istorik ki genyen ant Ziltik ak Ayiti sou yon tan trè long, epi gade orijin espresyon « jouk nan ziltik la » ayisyen souvan itilize.

 

Tout pwoblèm yo kòmanse apati jiyè 2025 lan, kote endividi yo pa rive idantifye fizye twa (3) moun epi blese omwen yon dizèn lòt nan yon klèb ki twouve l nan Providenciales, anpil moun konnen sou non Pwovo, ki se sant ekonomik ak touristik Zile Tik yo. 

Evènman sa a, ki pa t abitye rive avan, te choke popilasyon an epi te mete otorite zile a sou gad yo.

Tousuit apre dram lan, premye minis peyi a, Washington Misick, te deklare, « dezomè, n ap fè fas ak vyolans ki lye ak gang. E sanble yon bon pati nan vyolans sa yo sòti nan kominote ayisyen yo  ». 

Premye minis la te mande tou pou kominote ayisyen ki sou Zile a kolabore ak otorite yo paske, daprè li, ayisyen yo konnen byen kijan zam fè rive nan peyi a an kachèt. 

Depi aprè deklarasyon sa yo ki alimante yon santiman anti ayisyen sou zile a, plizyè konpatriyòt ayisyen fè AyiboPost konnen tout estigmatizasyon sa yo pouse yo remete an kesyon lavni yo nan peyi a. 

Nan kad repòtaj sa a, AyiboPost te pale ak kat (4) ladan yo sou difikilte y ap fè fas yo. 

Alex, ki rive sou zile Tik yo depi 2014 esplike AyiboPost, « Nenpòt ti sa k pase, yo di se Ayisyen yo. Bagay sa a choke m anpil ». 

Malgre estigmatizasyon Alex di l ap sibi, li pa panse konpatriyòt ayisyen yo inosan. Daprè li, genyen ki patisipe nan mannèv ilegal, afwontman ak zam epi touye moun sou Zile a.   

Guyvenson Laine, ki rive sou Zile sa yo nan lane 2021 pou l chèche travay, di AyiboPost, malgre l lwen peyi a, li kontinye pote chay enstabilite ki gen an Ayiti a.

Daprè li, yon bon pati nan move pèsepsyon sitwayen sou Zile yo gen sou ayisyen soti nan sa yo aprann k ap pase Ayiti, ki sitou se vyolans gang ak ensekirite. 

Laine esplike tou pafwa natif Zile yo gade yo mal, epi di yo move pawòl. 

Sa gen de (2) lane, Laine raple l nan yon ti bat bouch li te genyen ak patwon travay li akoz li te jwenn salè l anreta, patwon an te di l « poukisa w pa retounen nan peyi gang ou an ? ». 

Malgre move remak sa yo, Laine di li prefere ale pi lwen olye l retounen ann Ayiti, menmsi l renmen peyi l. 

Pandan repòtaj sa a, AyiboPost te kontakte konsila ayisyen ki nan Zile tik yo ak tout otorite gouvènman peyi sa a, men yo pa t reponn avan piblikasyon travay la.

Gouvènman Zile Tik yo anonse mezi yo pran parapò ak menas gangsterizasyon tèritwa yo a. 

Nan kòmansman mwa dawou 2025 lan, otorite yo anonse y ap sispann bay ayisyen nouvo viza ak nouvo pèmi travay pandan yon peryòd sis (6) mwa. 

Gouvènman ayisyen an, ki te kondane fiziyad ki te fèt nan lannuit 27 pou louvri 28 jiyè a sou zile Tik yo, te pwofite mande resòtisan ayisyen yo rete veyatif epi evite tout manipilasyon ak enstrimantalizasyon evènman ki pase yo ki ka lakòz tansyon, annatandan lajistis deside kiyès ki responsab zak sa a. 

Kounyeya, ou sandout ap di tèt ou, men Ki relasyon Ayiti genyen ak Zile sa yo ? Ki rezon ki mennen sitwayen ayisyen yo ateri sou zile Tik yo ? Oubyen, èske se vre se yo menm ki responsab ensekirite sou zile a ?

Nou pral esplike w. 

Zile Tik yo se yon gwoup ti zile ki sitiye nan zòn nò peyi Dayiti, nan yon distans 200 kilomèt. Men, pami tout ti zile sa yo, se sèlman nèf (9) ki gen moun abite ladan yo.

Pandan n ap pale a, èske w te konnen orijin espresyon « ale jouk nan Ziltik » la ? 

Sou pwen sa a, Léon-François Hoffmann, yon ekriven fransè epi espesyalis nan literati ak kilti ayisyen an, presize nan yon liv li ekri,  « ale jouk nan Ziltik » la ki vle di « ale jis nan dènye pwent mond lan », sòti nan yon ansyen ekspresyon fransè : «  . » Men, Hoffman fè pati moun ki kwè kreyòl la sòti [esansyèlman] nan lang fransè a, e li kenbe yon bann fòm akayik menm fransè ayisyen an abandone. 

Gen divès moun ki sijere tou se akoz distans ki separe zile sa yo parapò ak Ayiti ki fè espresyon « Ziltik » la senbolize dènye bout nan mond lan pou anpil ayisyen. Kidonk, di yon ayisyen ou prale osnon w sòti nan Ziltik fè referans ak yon kote ki lwen anpil. 

Bon mezanmi, sa a se yon pwennvi ! Si oumenm ou gen lòt esplikasyon, pa ezite ekri yo nan kòmantè yo ! 

Istwa migrasyon ayisyen nan peyi sa a, ki anba kontwòl britanik yo, kòmanse omwen apati 19e syèk la lè ayisyen te kòmanse kite Ayiti pou yo al travay nan pwodiksyon sèl sou Zile Tik yo.

Sepandan, relasyon ant de (2) tèritwa yo kòmanse depi avan Kristòf Kolon epi lòt kolonizatè espanyòl yo te debake nan kontinan Amerik la. 

Avan n al pi lwen an f on tounen nan listwa zile Tik yo. 

Premye pèp ki te abite Zile sa yo te rele Likayen, e se te yon branch nan pèp Tayino ki t ap viv sou kontinan Amerik la avan espanyòl yo te debake. 

Men, nan kòmansman 15e syèk la, espanyòl yo te anvayi rejyon an epi mete Likayen yo nan esklavaj. 

Kèk tan apre, nan lane 1 500 yo, kolonizatè yo t ap pral kaptire epi depòte pèp sa a sou zile espanyòl yo te rele  Ispanyola a, ki abrite jodiya Ayiti ak Repiblik Dominikèn. 

Men, apati lane 1512 yo, ti rès popilasyon LiKayen ki te rete sou zile Ispanyola yo te oblije kouri ale Bahamas, konsa tou genyen ki te mouri akoz maladi kolon espanyòl yo te pote lè yo te debake. 

Plis pase yon syèk aprè evènman sa yo, moun te kòmanse retounen sou Zile Tik yo aprè kèk Ewopeyen ki t ap viv sou zile Bèmid te deside vin enstale yo avèk afriken yo te fè tounen esklav pou travay nan min sèl, ki te prensipal endistri nan epòk la.  

Men, lè Britanik yo aboli lesklavaj nan lane 1834, kolon sa yo t a pral abandone enstalasyon yo epi kite Zile yo. 

E, se ansyen moun kolon yo te mete nan esklavaj yo ki t ap pral vin prensipal pwodiktè sèl sou Zile Tik yo. 

Nan lane 2022, òganis Biwo kowòdinasyon afè imanitè Nasyonzini (Ocha), te estime genyen plis pase 10 000 ayisyen k ap viv sou Zile sa yo. Sa ki reprezante yon tyè nan popilasyon Zile Tik yo, e 80 % nan rezidan rejyon Providansyal yo. 

Popilasyon ayisyen an se pi gwo gwoup imigre sou zile sa yo, selon menm enstitisyon Nasyonzini an. 

Genyen tou sitwayen dominiken, ameriken, Baameyen, kiben ak britanik ki vini sou Zile Tik yo tou pou viv retrèt yo, etidye oubyen travay. 

Ann gade rezon ki mennen ayisyen jis nan Ziltik yo !

Selon sa Jean Nesly Calixte, yon pwofesyonèl nan domèn elektrisite ki rive sou Zile Tik yo depi kòmansman lane 2010 yo esplike, zile sa yo ofri anpil opòtinite travay pou migran etranje, nan konstriksyon, restorasyon, elt.

Gen ayisyen tou ki rive enplike yo nan lavi sosyal politik, ak ekonomik zile sa yo. 

« Ayisyen ki natiralize yo reprezante yon pwa enpòtan nan eleksyon isit la. Vòt nou yo konte ! », selon sa Eliphat Registre, ki li menm ap viv sou Zile sa yo depi lane 1999 epi ki pran nasyonalite peyi a, konstate. 

Depi plizyè lane, otorite yo pa sispann sinyale yon ogmantasyon migran ayisyen ilegal sou zile sa yo. 

Yon sitiyasyon ki te pouse gouvènman ayisyen an, nan lane 2013, envite gouvènè Zile Tik epòk la vin diskite ak li sou kesyon migrasyon ak posibilite relasyon komèsyal ant de (2) peyi yo. 

Se menm ane sa a, Ayiti te louvri premye konsila li sou Zile Tik yo.

Dènye ane sa yo, move kondisyon lavi ak ensekirite pouse do plizyè milye konpatriyòt deyò peyi a pou al chèche lavi miyò. 

Anpil ladan yo, ki pa gen gwo mwayen, oblije pran kanntè nan objektif pou rive nan Zile Tik yo. 

Pafwa polisye yo arete migran ilegal sa yo, men sa ki rive sou zile sa yo, anpil fwa, konn al abite nan katye pòv.

Yo nonsèlman ap viv nan move kondisyon epi laperèz pou yo pa depòte yo, men travay y ap fè yo pa rive ede yo satisfè bezwen yo reyèlman.

Daprè done Biwo kowòdinasyon afè imanitè Nasyonzini (Ocha) pibliye nan lane 2022, se sèlman 20 % ayisyen sou zile a ki gen yon rezidans pèmanan.

Men, ann tounen ak yon kesyon n te evoke deja, eske se ayisyen ki ogmante nivo vyolans yo sou Zile Tik yo ?

Ebyen, selon done yon jounal lokal Zile Tik yo, se depi lane 2019 nivo ensekirite ak vyolans lan ap monte nan peyi sa a.

Selon chif jounal la te montre, genyen 13 moun ki te pèdi lavi yo nan lane 2021, 22 an 2020, epi 13 an 2021. Menmsi lè n konpare estatistik vyolans yo ak Ayiti, yo parèt piti, chif sa yo montre yon nivo asasina ki wo lè n konsidere popilasyon sou Zile Tik yo ki anviwon 50 000 moun. 

Dapre yon rapò sèvis palman britanik lan sòti nan lane 2022, ogmantasyon krim yo sou zile sa yo aktyèlman rive nan yon kontèks krim entènasyonal, gang, trafik zam ak dwòg, elt. 

Rapò a masyone tou inegalite, chomaj ak povrete se pami koz ki alimante vyolans yo, sou yon tan long. 

Si otorite Zile Tik yo te fè konnen ti katye pòv, kote anpil ayisyen ap viv yo, se fwaye vyolans ak ensekirite, pa gen done ki di ki kominote ki plis enplike nan vyolans yo ni sou sa ki plis sibi yo. 

Sepandan, rapò palman britanik la sinyale sitiyasyon kominote ayisyen yo ap viv la, ilistre kèk pwoblèm sosyal tankou : chomaj, povrete, elt., gouvènman an mete devan ki favorize konpòtman kriminèl. 

Sitou, (2) pi gwo zile yo : Providenc iales ak Grand Turk, kote plis ayisyen ap viv, konsantre pifò krim ki fèt yo. 

Apre w fin tande sitiyasyon difisil konpatriyòt nou k ap viv nan Ziltik ap fè fas, vin di nou reyalite ki kominote nan dyaspora a ou t ap renmen n esplike w ankò ?

Kredi 

Kamera : Jean Judelin Isaac

Montaj : Sherlande Pierre

Prezantasyon : Lucnise Duquereste

Jounalis : Wethzer Piercin,Junior Legrand,Rolph Louis-Jeune

Edisyon / Sipèvizyon : Jérôme Wendy Norestyl, Widlore Mérancourt,Philicien Casimir

Journaliste à AyiboPost depuis mars 2023, Duquereste est étudiante finissante en communication sociale à la Faculté des Sciences Humaines (FASCH).

    Comments