InsécuritéSOCIÉTÉ

Men kijan Micanor masakre 207 moun sou Waf Jeremi

0

Chèf kriminèl yo konnen sou non Wa Micanor, ki se manm Viv Ansanm, masakre 207 moun pandan sis jou nan mwa desanm 2024. Pifò nan yo se granmoun k ap viv Waf Jeremi. Li akize yo kòmkwa yo itilize maji vodou pou touye pitit gason l ki te gen sis lanne apre yo fè l tonbe malad. Nou rekonstwi pi gwo masak yon gang kriminèl fè sou kontinan Amerik la nan XXIe syèk la ak temwayaj moun ki te chape yo, rapò Nasyonzini ak yon rapò òganizasyon lokal

Atik sa a fè pati yon pwojè Dromómanos ak Global Initiative (GI-TOC) sou efondreman Pòtoprens.

Ti prens Benson te tonbe malad. Papa l, Wa Micanor, mèt waf Pòtoprens lan, te gen sètitid sou orijin pwoblèm timoun lan: nan katye l la gen lougarou. Wa a deside tou pou l sove pitit gason l lan, fòk lame l la mache pran lougawou yo. Sébastien, yon jenn gason vanyan en 32 lanne, te anba kabann manman lè gang yo trennen dam lan kite kay la. « Pèsonn pa pwoteste, tout moun kache », se sa grann Evelyn te di l anvan l ouvri pòt la pou yo te ka ale ak li. Lè Sheila al chèche enfòmasyon sou granpè l, granmoun nan te deja yon kadav. Manman ak papa Manú pa t reponn telefòn lan. Nan denmen maten, li dekouvri gang yo rache l ak manchèt. Bandi Micanor yo masakre tonton ak kouzen Dustin. Li menm poukò l gen de twou bal nan kò l. Nan lannwit 7 desanm 2024 la, Benson Altes mouri. Li te gen sis lanne sèlman. Pandan sis jou, papa l touye 207 moun. Pifò nan yo te gen plis pase 60 lanne. Li rache yo ak manchèt, li met dife sou yo oubyen voye rès yo nan fon lanmè.

Nan fen mwa fevriye 2025, twa mwa apre masak la, mwen pran randevou ak Rosie Auguste Ducéna, yon avoka ki nan Rezo Nasyonal pou Defans Dwa Moun (RNDDH). Men, li te difisil anpil pou moun deplase Pòtoprens.

Li atik sa tou : L’horreur persiste à Wharf Jérémie

90% nan kapital Ayiti a, ki se vil ki pi vyolan nan peyi ki pi pòv ak pi vyolan nan tout Amerik la, te gen plis pase yon lanne depi l te nan men Viv Ansanm, pi gwo koalisyon gang kriminèl nou janm wè nan rejyon nou an. Depi 29 fevriye 2024, kriminèl yo pran katye apre katye, boule komisarya, radyo lokal, lekòl, bilding gouvènman, simityè, wout… yo fin detwi vil la.

10% ki rete a ap reziste. Yo gen ak yo sa k rete nan Leta ayisyen an, yon misyon entènasyonal ki poko bay rezilta, kèk sivil, ak brigadye polisye  tankou Samuel Joasil ap dirije. Brigad yo monte barikad prèske chak jou, pase fil fè ak kawotchou pou anpeche bandi yo anvayi.

Mwen komanse pale ak Rosie Auguste nan telefon depi m rive Potoprens, men se nan mitan mwa mas mwen rive rankontre l nan biwo l. « Mwen pa konnen, pyes moun pa konnen, poukisa bandi yo ap fe sa y ap fe an », li reponn mwen le m mande l motivasyon Micanor pou masak li fe Waf Jeremi an.

Timoun k ap jwe andedan Rex Theatre la, ki te konvèti an refij pou moun ki deplase yo, nan sant vil Pòtoprens, Ayiti, nan dat 17 jiyè 2025. Foto : Clarens Siffroy / GI-TOC

Rosie Auguste, ki se youn nan pi gwo espesyalis sou gang ak vyolans nan Pòtoprens, panse se yon fòm presyon pou akselere efondreman Pòtoprens. Li rele bandi yo teroris. Dapre li, chèf gang yo elabore estrateji yo. Men yo pa ka kontwole bann adolesan nan gwoup yo ki fin bwè alkòl, ki sou ak adrenalin ak pouvwa, k ap maspinnen popilasyon an. Li kwè pakwèt lane pase nan vyolans mete tèt jèn sa yo an boulatcha. Menm jan ak lòt ekspè yo, li gen dout, li devine, men li pa di anyen ak sètitid.

Rosie Auguste te fache, ou te ka wè sa sou figi l. Li rele bandi Viv Ansanm yo lach. Li remake yo atake popilasyon an pandan yo pa fè gouvènman an anyen. “Yo konnen kote Premye Minis la ye, kote fonksyonè yo rete, men yo pito al atake fanm yo ak timoun ki pa gen okenn zam nan men yo. Yo fè vyòl an mas devan tout moun epi touye ti bebe.” Li di pawòl sa ak figi l mare. Rosie Auguste gen plizyè ane l ap dokimante epi denonse pa sèlman zak maspinay gang yo, men tou feblès, konplisite ak tolerans Leta ayisyen. Poutèt sa lavi l toujou an danje ; e li pa t ap premye moun yo touye paske l ap denonse bagay sa yo.

Depi m rive, m ap chèche fè entèvyou ak moun ki te chape nan masak la. Yon jounalis Ayiti te di m sa enposib. Li te di m rantre sou Waf Jaremi pa t yon opsyon ditou paske Wa Micanor ak sòlda l yo pa manje anyen k frèt. Li te di m moun ki te chape yo pa ka soti nan katye. Micanor mete pòs kontwòl pou swiv deplasman moun yo epi li konfiske telefòn moun ki rete nan zòn nan. Sak rive kouri ale nan lòt katye oubyen nan kan yo t ap pran yon gwo risk si yo pale ak mwen. Mwen mande Rosie Auguste banm yon kout men. Li te pwomèt mwen l ap eseye. Li te di m tou deplasman moun yo anndan vil la se preske yon aksyon swisid. Li te mande m retounen nan kòmansman mwa avril la.

Kay gang ame te detwi nan yon lari nan katye Solino, Pòtoprens, Ayiti, nan dat 17 fevriye 2026, ki te atake pa manm gang yo nan fen ane 2024. Foto : Clarens Siffroy / GI-TOC

Pou dezyèm entèvyou a, mwen rive nan biwo Rosie Auguste sou moto Ivander, ki te gid lokal mwen. Vil la t ap boule jou sa a. Viv Ansanm te atake ti pati nan fòtrès la ki pa anba kontwòl yo. Bal t ap tire e brigad chèf Samuel Joasil te nan lari a ak zam epi dife.

Rosie Auguste eksplike m vil la kòmanse detwi nan eta sa a apati asasina Jovenel Moïse nan lane 2021. Li rakonte m jefò ekip li fè, risk yo pran sou lavi yo, pou pwodui rapò sou masak Waf Jaremi an. Nan fen konvèsasyon an, li ban m yon dokiman byen detaye ki te gen plis pase 120 temwayaj ladan l.

Apre, li mande m: “Kote w ta renmen fè entèvyou yo?”

Mwen pa t konprann. Men nan menm moman an, li ouvri yon pòt epi l montre m senk moun ki chita sou yon ban. Ou ka wè moun yo te pè.

Yo pran kouraj yo ak de men, yo travèse vil la, pase sou barikad, dife, ak tire, riske lavi yo pou fanmi yo, jis pou yo ka vin di m kijan fanmi yo mouri, san sètitid istwa lavi moun yo p ap ateri menm kote ak kadav yo : anba lanmè Karayib la.

Nan fen entèvyou yo, yo tout di yo toujou an kontak ak moun ki mouri yo. Yo di yo pale ak yo nan rèv, yo wè yo k ap viv, ap pran swen timoun yo, ap fè manje, e ap kouri ak yo nan vil la.

Temwayaj sa yo, rapò rezo òganizasyon lokal yo ak rapò Nasyonzini se baz rekonstriksyon sak pase ant 6 ak 11 desanm 2024 la, lè Wa Micanor te fè pi gwo masak yon gang kriminèl te janm fè nan kontinan Amerik lan nan 21èm syèk la. Moun ki te chape yo te konmanse fè rèv nan jou sa yo.

6 desanm. Wa asasen an ak malediksyon granmoun yo

Nan maten 6 desanm 2024 la, Evelyn ak fanmi l tande bri plizyè moto, moun ki t ap pale fò ki vin frape pòt li. Depi nan lari a, yo mande pou grann li. Grann nan mande Evelyn ak lòt moun yo fè silans epi al kache. Answit, li louvri pòt la. Youn nan mesye yo rantre ak zam nan men, yon lòt te gen yon manchèt. Yo ale ak dam lan sou youn nan moto yo. Se te dènye fwa Evelyn te wè grann li vivan.

Kout zam ap pete nan fen Waf Jaremi an, tou pre lanmè a. Pèsonn nan kay la pa t gen kouraj pou soti. Nan demen maten, Evelyn ak sè l yo riske glise jiska Nan Mang (Nan Mangue), yon ti bank sab akote pò Waf Jaremi an. Se la, nan mitan yon boulatcha san, yo jwenn kò grann lan melanje ak kò lòt granmoun nan katye a – rache ti moso.

Ti gason Wa Micanor a, Benson Altes, te gen lafyèv depi plizyè jou. Pèsonn nan moun ki te ban m enfòmasyon yo pat ka konfime si se yon pwoblèm poumon oubyen lestomak. Men sitiyasyon l anpire chak jou. Pòtoprens pèdi prèske tout lopital ak sant sante piblik oubyen prive l yo. Menm anbilans Medsen San Fwontyè evite al nan zòn Wa Micanor paske yo te sibi atak ak bal plizyè fwa.

Kay gang ame te detwi nan yon lari nan katye Solino, Pòtoprens, Ayiti, nan dat 17 fevriye 2026, ki te atake pa manm gang nan fen ane 2024. Foto : Clarens Siffroy / GI-TOC

Micanor te rele ougan l lan pou l te ka sove ti gason l ki te gen sis lanne a. Ougan an te deklare yo fè maji dèyè Benson. Li te di se lougawou k ap manje timoun lan. Ougan an te di tou granmoun gason ak granmoun fanm nan katye a responsab pa sèlman maladi pitit li a, men tou lòt lanmò pou maladi sou Waf Jaremi. Dapre gang yo, granmoun yo tounen gangrèn pou kominote a.

Nan maten 6 desanm 2024 la, apre yon reyinyon ak oungan an, Wa Micanor te deside fini ak malediksyon sa a. Li reyini mesye l yo nan baz gang lan ki te rele “Sant Antrenman” epi li ba yo lòd pou yo mennen ba li tout granmoun ki nan katye a.

Menm 6 desanm lan, Sébastien t ap manje ak manman l lakay li. Li pa sonje sa yo te manje, men li posib ke se te diri. Katye a te gen gwo tansyon. Kout bal t ap pete epi bandi yo debake.

Moun ki deplase akoz vyolans gang yo ap mache pou pwoteste kont gang yo toupre biwo egzekitif yo nan Pòtoprens, Ayiti, nan dat 2 avril 2025. Foto : Clarens Siffroy / GI-TOC

Jèn gason yo te sou moto. Yo frape pòt la. Depi deyò yo di se pou manman  vle manman Sébastien yo vini. Dam lan di Sébastien pou al kache. Li pa t mande l sa, li te ba l yon lòd. Sébastien te gwo nèg, vwa grav epi gwo ponyèt. Kou l sanble ak yon pyebwa solid e bouton rad li te prèske rache chak fwa l respiye. Nan mwa avril 2025, po l parèt sèk tankou po leza, epi je l rete mouye san l pa t ap kriye. Nan dat 6 desanm 2024 la, misye rantre jan l te kapab anba kabann manman l epi l kouvri tèt li ak dra. Li panse bandi yo te vin vòlò paske manman l ak li te gen kòb likid nan kay la. Wa Micanor se te vwazen yo e yo te konnen l depi ven lane. Li pa t kwè bandi yo t ap al touye moun katye a. Manman l petèt te santi sa, e se poutèt sa l te ba l lòd kache. Depi kote l kache a, Sébastien te wè de jenn gason pran manman l epi ale ak li sou yon moto. Kèk èdtan apre, manman l te nan pil moun yo rache menm kote ak grann Evelyn lan.

Menm jou sa a, Wa Micanor pran 127 granmoun: 90 gason ak 37 fanm, epi mennen yo Nan Mang. Nan mitan lannwit la, li touye yo devan oungan li an. Bandi yo tire sou yo epi rache yo ak manchèt avan yo met dife sou yo. Ougan an ranmase san moun ki te sakrifye; li te konsève tou kèk moso nan kò yo. Nan tradisyon malfektè, se yon fason pou konsève lespri an, pou w fè moun lan tounen esklav apre lanmò l. Nan domèn malfektè, Wa Micanor pran posesyon nanm granmoun sa yo.

7 desanm. Prens lan mouri. Wa a anraje.

Nan lannwit ki te louvri sou 7 desanm 2024 lan, Benson Altes, pitit gason Wa Micanor an, rann dènye souf li. San ki te koule nan lannwit anvan an pa t ase pou oungan an. Wa a bay manm gang li yo yon lòd klè: touye tout fanmi granmoun yo.

Bandi yo kouri nan tout katye ap mache pran fanmi granmou yo. Gen yon gwoup 50 moun ki te gen plan kite katye a pa lanmè a. Yo konstwi yon batiman ak planch epi plastik. Avan yo monte l, yo te mande benediksyon lwa yo nan yon ti seremoni. Mizik ak chan yo te alète mesye Micanor yo. Yo debake sou yo byen vit. Bandi yo bat moun yo, ba yo kout kouto, men yo pa t touye okenn nan yo. Yo te prefere kidnape tout moun yo ak ougan ki t ap dirije seremoni an ak tout fanmi l. Yo te 57 an tou. Yo mennen kèk nan yo sou moto, lòt nan pick-up, anpile epi mare tankou bèf y ap ale nan labatwa. Bandi yo kite moun yo pase tout lannwit lan nan “Sant Antrenman” an, ki se baz gang lan. Wa Micanor maspinnen moun yo pandan plizyè èdtan. Li t ap kriye, li t an kòlè, ap mande kiyès ki te voye malediksyon an epi fouye pou konnen ki majisyen ki touye ti gason l lan.

Yon polisye ayisyen vize zam li deyò nan yon fenèt yon veyikil blende pandan yon patwouy nan sant vil Pòtoprens, 16 janvye 2026. Foto : Clarens Siffroy / GI-TOC

Pèsonn pa t ka ba l yon repons ki satisfè l. Nan lannwit 8 desanm la, manm gang lan kòmanse koupe kou moun yo ak manchèt. Lè solèy la leve, mesye yo voye moso kò yo nan dife. Moso kò dife pa t ka boule yo, yo voye yo nan lanmè.

Wa yo ak Voudou an

Yon bann moun leve de men anlè nan legliz Senmichèl nan Petyonvil. Tanbou ap bat tankou loray, gwo prèch ap tonbe. Fidel yo fikse m, men pèsonn pa mande m soti oubyen fè m mal. Se yon espas sakre tout moun respekte. Li te 5 mas 2025 e nan onnfò sa a te gen yon seremoni pou Ezili, yon lwa ki gen relasyon ak fètilite, sensyalite, feminite, dans ak pwoteksyon. Yon gwoup pote yon jèn fanm. Li pa t ka bouje ni men ni pye l yo; li te sanble ak yon gwo zwazo ki gen zèl ki patko fin grandi. Bave te ap soti nan bouch li, li pa t ka pale, li te sèlman ka fè yon jan de bri ak doulè. Li te klè li te gen yon nivo grav sa yo rele sendwòm Down lan. Yo ranmase l nan lari a kote l t ap viv bò yon depotwa; yo abiye l, yo mete soulye nan pye l yo ki te tòde epi yo òganize evènman sa a pou li. Patisipan yo t ap mande Ezili pwoteje l, pran swen l, epi padone l. Fanm sa a te ansent e li te gen pou l akouche nan jou k ap vini yo.

Moun ki te la yo t ap kriye pou mande lapè, yo te mande lwa yo pou yo ba yo espwa ak konkou pou yo ka chape. Yo te mande pou Viv Ansanm pa antre nan zon lan. E si yo antre, y ap pèdi batay la.

Vodou se yonn nan relijyon ki pi estigmatize sou kontinan Amerik la. Dapre Alfred Métraux, ki se yonn nan premye chèchè ki te etidye l, se yon ansanm kwayans kote moun ki te nan lesklavaj melanje lafwa afriken ak lafwa katolik. L ap difisil anpil pou m eksplike nan atik sa a prensipal baz vodou an; m ap di sèlman se yon relijyon ki fèt pami moun defavorize, ki gen yon bon relasyon ak lanati epi moun ki mouri yo. Nan tradisyon vodou an, moun ki mouri yo pa ale; yo rete ak vivan yo e yo se yon pati enpòtan nan lavi chak jou. Yo retounen nan rèv yo, yo bay rekonfò, epi ak tan yo tounen divinite; se konsa panteyon ayisyen an grandi jiskaske l vin enposib pou fè yon lis lwa ki ladan.

katye Bas-Delmas nan Pòtoprens, Ayiti, nan dat 12 fevriye 2026. Foto : Clarens Siffroy / GI-TOC

Vodou pa gen anyen pou l wè ak vyolans. Antouka, pa plis pase kwayans jideyo-kretyen oubyen mizilman yo. Vodou te yon motè ideyolojik ak espirityèl revolisyon ayisyen an nan fen XVIIIèm syèk la. Se te apre yon rityèl yon fanm te òganize esklav yo te lanse destriksyon sistèm esklavajis la an 1791. Se konsa Ayiti ki se premye revolisyon esklav ki te gen siksè nan tout Amerik la, premye peyi endepandan nan Amerik Latin epi dezyèm nan kontinan an apre Etazini, te fonde. Vodou se yon relijyon fondamantalman anti-enperyalis anpil.

Men tankou tout relijyon, yo itilize l tou pou rann moun ki deja sibi yo vin pi mal. Se pa Wa Micanor ki premye itilize voudou kòm yon zam pou soumèt moun; anpil chèf lagè di ak fyète yo se ougan e yo gen pwoteksyon lwa yo.

Petèt premye moun ki te wè nan lafwa sa yon mwayen pou kontwole ayisyen se te François Duvalier, diktatè yo te konnen sou non Papa Doc la. Rejim tèt chaje l la te gen de poto prensipal. Premye a se te kreyasyon Tonton Makout yo, yon gwoup paramilitè ki te konn touye moun ki te kont li epi teworize katye yo; dezyèm lan se te vodou an. Duvalier li menm pa t sèlman di li se yon ougan. Li te di li se yon lwa menm, presizeman Bawon Samdi, ki se yon lwa ki gen anpil pouvwa ki louvri pòt pou rantre nan monn moun mouri yo, mèt simityè. Li te konn abiye ak rad lespri sa a epi pale jan ayisyen yo di lwa ak moun mouri yo pale, ak yon ton nan nen. Li te dirije Ayiti pandan 14 lane, depi 1957 rive 1971. Li touye yon pakèt moun mepi etabli yon fason pou fè politik ki toujou la jodi a.

Nan yon fason senplis, nou ka di Viv Ansanm se eritaj Papa Doc e chèf gang parayak ak mistik se eritaj li. Lè nan dat 6 desanm Wa Micanor deside touye vwazen l yo, li pa t fè yon masak ki nouvo. Li t ap swiv yon tradisyon politik ki te kòmanse anvan l fèt.

9 desanm. Wa paranoyak la ak lougarou yo

Nan dat 9 desanm, moun Waf Jeremi pat ka pale ak pèsonn andeyò zòn lan. Nan aprèmidi avan an, Wa Micanor te bay lòd pou yo pran telefòn tout moun ki te nan katye a. Nouvèl masak la t ap kouri nan medya lokal yo ak sou rezo sosyo; moun t ap di wa a pèdi tèt li. Mesye gang yo trennen 60 moun nan “Sant Antrenman” an pou maltrete yo epi poze yo kesyon. Micanor te vle konnen ki moun ki te bay medya ak òganizasyon dwa moun enfòmasyon sa yo. Mesye Micanor yo mete yon kouvrefe sou katye a. “Pèsonn pa soti, pèsonn pa antre!”, se sa kriminèl yo ti.

Manú pa sanble yon refijye. Li gen yon bèl chemiz, linèt epi soulye l klere. Li pale anglè e mwen te ka pale ak li san entèmedyè. Li di m li rete nan yon katye n ap evite di non l. Manú te konn souvan vizite manman l ak papa l sou Waf Jaremi; li te konn antre soti san kriminèl Micanor yo pa t deranje l. Se yon privilèj ki pa t fasil pou tout moun. Manman l ak papa l te gen yon ti biznis. Rete toupre waf la te ede yo.

Lovely Jean Baptiste, 16 an, ke gang ame te tire nan bouch li lakay li, poze pou yon pòtrè nan Lekòl Ajanten Bellegarde, ki tounen yon refij pou moun deplase nan sant vil Pòtoprens, Ayiti, nan dat 17 jiyè 2025. Foto : Clarens Siffroy / GI-TOC

Lè l rele paran l nan telefòn 6 desanm lan, yo pat reponn. Te deja gen rimè g on bagay dwòl k ap pase nan katye a. Li pran risk rantre nan Waf Jaremi nan dat 7 desanm la. Lakay li, manman l te resevwa l ak nouvèl nan jou anvan an kèk gang sou moto te mennen papa l ale. Manú soti malgre kouvrefe a pou chèche enfòmasyon. Li aprann gang yo dekoupe papa l an ti moso ak manchèt, yo te boule moso yo epi voye sa ki te rete a nan lanmè. Li aprann tou bandi yo di y ap touye tout moun ki te gen plis pase 60 lanne; manman l te gen plis pase 70 lanne.

Manú kache manman l jan l te kapab. 9 desanm la li reyisi mete madanm lan deyò. Men manman l te vin malad, li te sispann manje epi l mouri nan lannwit Nwèl la. “Li te mouri ak tristès,” Manú di. Nan antèman manman an, li yon mete yon lòt sèkèy ak kèk afè papa l anba tè a. Se konsa l te di yo orevwa, men li gen garanti yo tou de nan yon monn kote kòlè Micanor paka rive. Monn rèv yo. “Timoun mwen yo piti anpil, kidonk yo p ap sonje granparan yo, men yo te pran swen pitit mwen yo,” se sa l di.

9 desanm nan aprèmidi, kriminèl Wa Micanor yo tire twa mesye ak de fanm ki t ap eseye kouri kite Waf Jaremi. Asasinay sa yo pa t gen anyen pou wè ak vodou oubyen lougawou ankò; wa a te vle anpeche pa tout mwayen pou moun pa t konnen pi plis sou masak la, se poutèt sa l te entèdi moun yo soti nan kay yo oswa pale ak vwazen yo. Men kache plis pase 200 asasina, menm lè w gen dife ak lanmè kòm zanmi, se yon bagay difisil. Nouvèl la te soti, kèk moun te voye videyo bay fanmi yo ki deyò katye a epi yo te pataje yo ak jounalis yo oubyen sou rezo sosyo. Jimmy “Barbecue”  Chérizier, ki se pòtpawòl ak chèf Viv Ansanm, ak lòt chèf nan kowalisyon an te mande esplikasyon. Paske menm si chak chèf gang gen libète sou teritwa l, yon masak ki nan nivo sa a mande esplikasyon.

Moun ki fè analiz pou Nasyonzini yo rive jwenn yon mesaj Wa Micanor te voye bay gwo chèf Viv Ansanm yo:

Onè ak respè, kolèg mwen nan Viv Ansanm yo, salitasyon, se mwen Wa Micanor. M ap rakonte nou sa ki te pase nan zòn mwen an. Anpil moun ap di mwen te fè yon masak e y ap pale de lanmò moun. Moun ki mouri yo se lougawou. Kowalisyon Viv Ansanm lan pa travay ak kalite moun sa yo. Èske nou ka imajine mwen gen yon pitit gason ki te fèt an sante e granmoun ki nan zòn nan fè konplo pou yo touye l lè yo voye mò sou li? Nan ka sa a, mwen pat ka rete san m pa fè anyen; mwen dwe fè venjans. Nan tout baz Viv Ansanm, n ap detwi tout lougawou yo epi n ap netwaye zòn yo. Mwen tande anpil mesaj nan laprès ak nan òganizasyon dwa moun yo. Nou konnen baz mwen, nou konnen ki moun mwen ye, nou dwe vin chèche m, nou lach, m ap tann nou, vin chèche m. Mwen pran tout responsabilite pou sa m fè a. Granmoun yo te touye pitit gason m lan, èske nou te panse mwen pa t ap reponn? Yon pitit mwen te renmen anpil konsa. Nou pa papa ti gason an, se poutèt sa nou pa santi doulè a. Mwen menm, Wa Micanor, mwen pa fè okenn abi; moun ki mouri yo se moun ki te dwe mouri vrèman. Si gen lòt ki dwe mouri, y ap mouri. Tout gang ki nan Viv Ansanm ap mache pran lougawou yo.

Apre l te fin bay esplikasyon an, li kontinye ak masak la.

Fòs lame yo (FAD’H) ap patwouye distri Kenscoff nan Pòtoprens, Ayiti, nan dat 29 janvye 2025. Foto : Clarens Siffroy / GI-TOC

10 desanm. Bandi yo fè sa wa a te mande a: “Ou touye moun pa m yo, mwen m ap touye moun pa w yo.”

Katye a te leve an silans. Pèsonn pa t vle pale fò pou kriminèl yo pa t konnen yo la. “Pi gwo danje yo se te timoun yo, paske yo te vle montre pouvwa yo e yo te ka fè w mal sèlman pou sa,” se sa Evelyn, ki se premye moun ki te chape mwen te entèvyouwe a, te di m. Bandi wa yo te pran tout lari yo ap chèche moun pou yo touye. Dustin te nan mitan yo tou.

Li se yon mesye mèg ki gen apeprè 30 lanne. Li bwete e itilize beki pou mache. Li te konn travay ak tonton l epi kouzen l nan yon ti atelye Waf Jeremi. Se e poutèt sa l te ka antre. Li rekonèt tou li te gen bon relasyon ak gang Wa Micanor a. Lè 7 desanm rive, gang lan touye tonton l ak kouzen l, men li pat deplase. Li di l te pè pou yo pa t pran l pou yon moun k ap bay enfòmasyon; li di li pa t gen anyen pou wè ak masak sa a e kòm prèv li montre de twou bal nan kò l. Li di lòt bandi yo reproche l dèske l pa t fè sa Wa Micanor te mande an: tout moun te dwe mouri. Kèk bandi pase akò pou pa touye pwoch pa yo nan zòn lan: “Si w touye moun pa m, m ap touye moun pa w yo.”

Gang yo pat kontan Justin rete vivan. 10 desanm la, youn nan mesye wa Micanor mande l pou l lonje men l epi li tire nan mitan men an. Yon lòt ki te soti nan yon match foutbòl yo te òganize ant bandi te rale zam sou tèt li. Bandi an tire l nan pye l. Dustin pete kouri e l rive chape poul li.

Koulye a l ap viv kòm refijye nan yon katye nan fòtrès ki toujou ap reziste nan Pòtoprens lan. Blesi l yo te sanble enfekte. Si mesye ki nan brigad yo bare l l epi yo wè l te gen relasyon ak Viv Ansanm, y ap mennen l nan “kwizin” ki nan kwen ri 27, Bwa Patat, anfas ansyen sipèmakèt Tag Supermarket la, nan katye Kanape Vè ki se teritwa chèf Samuel Joasil ak brigad li yo. Y ap ba l ase kout manchèt pou l pa ka bouje. Apre y ap pase kawotchou nan kou l epi mete dife sou li. Bwa kale !

Paranoya Wa Micanor pou enfòmasyon pa soti fè l vin pi mechan. Li te jwenn 8 mesye ak senk fanm ki te gen telefòn yo toujou; li akize yo kòm moun ki te pale ak jounalis. Li mennen yo Nan Mang, kote l te touye yo.

11 desanm. Wa fou an ak rèv yo.

Tèt Wa Micanor cho. Nouvèl masak la gaye nan tout Pòtoprens. “Wa Micanor fou,” se sa yo t ap di sou Waf Jeremi. Yon sous ki gen enfòmasyon nan sèvis sekirite etranje di m Viv Ansanm t ap planifye retire l epi mete yon lòt moun ki gen tèt li sou zepòl li nan tèt Waf Jaremi. Men wa a te vin konnen sa oubyen li te panse sa. Li pran aksyon ki montre li gen kontwòl sou katye a ak sou tèt pa l.

Manm Polis Nasyonal Ayisyen an ap patwouye pandan kadav swadizan manm gang yo ap boule (an premye plan) nan Pétion-Ville, yon katye nan Pòtoprens, Ayiti, nan dat 19 novanm 2024. Foto : Clarens Siffroy / GI-TOC

Nan dat 11 desanm la, li lage 60 moun li te kidnape de jou anvan yo. Li bay bandi l yo lòd pou yo prepare pou yo sachè diri, pwa, sèvyèt ijyenik ak kèk lòt ti bagay. Li fòse moun yo soti nan kay yo epi l separe sachè manje yo ba yo. Li te ba yo lòd pou yo rele non l, pou yo di l mèsi paske, menm si l pa t ka sove pitit gason l lan, li te sove lòt timoun ki nan katye a anba men lougarou yo.

“Viv Wa Micanor!”, se sa Sheila te dwe di pandan l t ap montre yon sachè diri nan telefòn yon bandi ki t ap filme l.

11 desanm, Wa Micanor te deja touye 202 moun; men malgre kidnapin, maspinay ak asasina l yo, malgre kouvrefe ak diri l la, malgre fon lanmè Karayib la, bandi l yo te di l te gen yon lòt videyo sou rezo yo kote kèk medam t ap rakonte sa ki te pase nan dènye jou yo. Lè sa a, li fè kenbe senk fanm epi mennen yo nan “Sant Antrenman” an. Yo maspinnen yo epi mennen yo Nan Mang. Nan lannwit la, senk fanm sa yo fini nan lanmè a. Y al jwenn Jacinthe, Marcel, Grette, Magarette, Mimose, Ellionise, Montellas, Charita, Marthe, Adeline, Amadide, Charléus, Euvanie, Milou, Immacula, Olympia, Umaliance, Milot, Jacqueline, Dieuvé, Bénita, Roosevelt, Jean, Rosiane… ak 173 lòt moun rapò yo pa t site non yo pou rezon sekirite.

Nan vil sa a ki nan men bandi, swadizan Wa a masakre granmoun yo epi ansanm ak yo memwa katye a. Men moun ki te chape yo di moun mouri y ap kontinye retounen chak swa nan rèv yo. E ansanm ak yo, memwa trajedi a ap retounen tou.

Fo Wa a ak enpinite

Micanor pa yon wa. Li s on jenn gason k ap dirije nan enpinite yon moso nan yon zile yo bliye nan Karayib la. Li pa menm moun ki te kreye gang lan. Dapre yon moun ki te nan gwoup sa a anvan, Micanor se twazyèm chèf k ap kontwole Waf la. Se yon moun ki vyolan anpil e ki gen men l lejè sou zam ak manchèt. Se poutèt sa yo pa janm gen konfyans nan li. Li toujou paranoyak. Moun te ka enfliyanse l fasil. S on tèt flit ! Nan lane 2008, misye touye mambo l pou pouvwa, daprè sa l te di. An 2012, li touye douz moun li te akize kòm lougawou. De chèf ki te anvan l yo mouri nan lanne 2015 nan gè ant gang. Yo t ap goumen ant yo pou kontwòl espas, anvan Viv Ansanm te kreye.

Nan aprèmidi jou avril 2025 Pòtoprens t ap al dòmi. Viv Ansanm t ap atake. Mwen t ap fè senkyèm entèvyou m pou aprèmidi a. Byen lwen nou t ap tande kout bal; nan fenèt la nou te ka wè gwo lafimen ki t ap moute nan syèl la. Brigad la te gen pou l mete barikad nan lari yo pou pwoteje tèt yo kont bandi ki an kòlè nan gwo kowalisyon an. Dustin t ap pale yon fason ki difisil pou m konprann. Men misye t ap rakonte m lanmò tonton l ak kouzen l. Li te mache pase inèdtan ak pye l ki te blese ak men l ki te pèse pou l te vin rakonte m istwa sa a; se poutèt sa kanpe entèvyou an pa t yon opsyon.

Lè entèvyou yo fini, nou deplase sou moto Ivander gid mwen an. Lari a te deja gen plizyè barikad. Pòtay yo fèmen. Moun yo pral dòmi.

Prèske yon lanne edmi apre pandan m ap ekri atik sa a, lajistis pa pini yonn nan moun ki enplike nan masak Waf Jaremi an. Poutan, popilasyon an ak gouvènman an konnen ki moun ki responsab asasina 207 ayisyen yo (pifò nan yo te granmoun): dènye monak nan Karayib la, mèt waf yo, yon senp kriminèl ki rele Monel Félix Altes.

Mò yo pa janm ale

Yo la toujou

Yo dòmi nan dlo

Yo mache nan rèv nou

(Chante tradisyonèl pou antèman nan vodou ayisyen)

Nou chanje non moun yo pou rezon sekirite.

Yon atik : Juan Martínez D’aubuisson

Comments