An Ayiti, gen yon kwayans ki fè kwè si yon moun sèmante pandan lapli ap tonbe, sa ka lakoz « loray » tonbe sou li. Mit sa a vini apati yon fenomèn natirèl. AyiboPost pral ede w konprann fenomèn Ayisyen rele loray la pi byen
Nan plizyè rejyon an Ayiti, gen yon kwayans ki fè kwè si yon moun sèmante pandan lapli ap tonbe, sa ka lakoz « loray » tonbe sou li. Si n pa gen yon eksplikasyon sou orijin kwayans sa a, AyiboPost pral ede w konprann fenomèn sa a pi byen nan ribrik « Mit ak kwayans popilè ayisyen » an, epi eksplike w kijan w ka pwoteje tèt ou kont li.
Dabò, sa moun yo rele loray la se an reyalite yon nyaj ki pote lapli, e ki pwodui zeklè tou. Fenomèn atmosferik sa a danjere sitou akoz puisans lòt fenomèn ki ankonpànye l yo, tankou : lapli san kanpe, rafal van, lagrèl, ak « foud » la.
Kidonk, nou ka konprann fenomèn loray lan gen plizyè lòt fenomèn anndan l. Men, annou gade kisa yo chak ye yon fason pou n konprann kiyès ki kapab touye yon moun dirèkteman.
Youn nan yo se zeklè, ki se yon limyè vizib nou kapab obsève ki lye avèk lè a ki chofe. Lè lapli ap tonbe gwo bri ki fèt aprè nou fin wè limyè li menm rele tonè, tandiske gwo dechaj elektrik ki akonpànye limyè sa ala rele foud. Mwen pa kwè w te konn sa… (ajoute son loray)
Foud la gen divès fason li ka atenn yon endividi. Li ka tonbe sou li dirèkteman si l twouve li nan espas ki ouvri, tankou : estad, jaden, plaj, pisin, osnon si li sou tèt mòn, pyebwa ak kay.
Lòt eleman tankou pyebwa, pilòn elektrik, kloti, griyaj kapab sèvi kòm kondiktè tou pou fasilite dechaj elektrik yo touche yon moun ki pozisyone touprè yo.
Nan ka kote foud la tonbe dirèkteman nan tè a, li konn sitou lakoz zannimo ki nan gadinaj yo mouri.
Men, sa rive foud la ka frape nan yon distans plis pase 40 kilomèt ak zòn kote k gen lapli a, e li ka rive menm avan loray la.
N ap presize, yon sèl kout zeklè kapab degaje yon tansyon 300 milyon vòl anviwon, sa ki depase kouran domestik n ap itilize a.
Fenomèn sa a konn lakòz pyebwa yo boule, antrene gwo dife, andomaje sistèm elektrik, elt.
Nan yon peyi tankou Etazini, yon trantèn moun anviwon pèdi lavi yo chak ane akoz foud, san konte plizyè santèn lòt ki blese, selon ajans ameriken NOAA.
Foud la jwe yon gwo wòl pou ekosistèm tères la, li kontribye nan anrichisman sòl yo ak azòt, yon eleman endispansab nan kwasans plant yo, ki sòti dirèkteman nan atmosfè a, sitou nan zòn kote plant ki ka fikse azòt yo nan tè a ra.
Si n sot gade kisa fenomèn lan ye, blesi li bay yon moun kapab ba li yon seri andikap ki dirab, rive menm nan lanmò. Estatistik yo montre, 20 % moun foud tonbe sou yo mouri, e 70 % moun ki rive siviv yo viv ak gwo konplikasyon sante.
Pi bon fason pou w pwoteje w, lè w tande tonnè ap frape se kouri abrite w nan yon kay pi vit posib. Si toutfwa sa pa posib :
– evite estasyone osnon kanpe anba yon pyebwa ki izole.
– pa manyen anyen ki ka sèvi kòm kondiktè elektrisite.
– izole w ak tè a pi plis posib avèk materyèl ki kapab sèvi kòm izolan.
– akwoupi, epi relye pye w yo ansanm, paske tout sa ki wo atire foud.
Tande byen, okenn espas ki deyò pa garanti pandan yon loray. Si w tande bri tonè oubyen remake kout zeklè, oubyen gwo nyaj ki bouche syèl la, kouri rantre anndan kay oubyen nan yon machin ki fèmen rete la jiska 30 minit apre dènye kout tonè w tande a.
Menm si andedan kay la se yon abri ki sèten pandan loray la, ou pa alabri danje. Kidonk nou dwe :
– evite kontak ak dlo swa nan douch, nan fè vesèl paske foud la kapab pwopaje nan plonbri batiman yo tou.
– pa touche okenn aparèy elektrik paske foud la ka pwopaje atravè sistèm elektrik yo, sistèm resepsyon radyo ak televizyon.
– pa itilize aparèy ki branche sou yon priz elektrik tankou, òdinatè, machin pou lave rad ak fou.
– ou kapab mete paratonè sout tèt kay ou, k ap anpeche foud atenn kay la epi pwoteje aparèy elektwomenaje yo.
– rete lwen pòt ak fenèt, pa kouche ni alonje nan yon mi an beton pandan loray la.
Si loray yo siprann ou pandan w nan montay :
– evite rete nan tèt mòn yo, desann pi ba byen rapid.
– pa rete toupre pyès objè metalik.
Si ou te nan ti bato sou lanmè, prese tounen sou rivaj la epi elwànye w byen lwen lanmè a.
Nan ka kote foud ta frape yon moun ki bò kote w bay moun lan premye swen w kapab san kè sote paske kòl pa kenbe kouran epi rele ijans osnon ale ak li nan yon sant sante ki pi pre w.
KREDI
► Kamera : Max Kendlay Kevjhevaal Toussaint, Jean Judelin Isaac
► Montaj : Max Kendlay Kevjhevaal Toussaint
► Prezantasyon : Nancy Pascal André & Lucnise Duquereste
► Redaksyon : Nancy Pascal André
► Edisyon / Sipèvizyon : Jérôme Wendy Norestyl, Widlore Mérancourt, Philicien Casimir






Comments