Gen de nouvo pòl jidisyè espesyalize Gouvènman Alix Didier Fils-Aimé a inogire 27 me 2026 la, pou trete gwo dosye kòripsyon, krim finansye konplèks, krim de mas ak kèk fòm vyolans seksyèl. Anviwon 40 dosye t a dwe transfere bay nouvo estrikti sa a, daprè Fils-Aimé. Men, èske pòl jidisyè sa yo gen mwayen ak otorite nesesè pou konbat enpinite toutbon ?
27 me 2026 la, gouvènman Alix Didier Fils-Aimé a finalman inogire de (2) « pòl jidisyè » espesyalize nan sistèm penal ayisyen an, dekrè 16 avril 2025 lan te deja kreye. Kisa nouvo enstans jidisyè sa yo ka pote nan sistèm jistis ayisyen an ? Ki limit ki genyen nan kreyasyon yo ? Pou w jwenn repons ak kesyon sa yo, AyiboPost te pale ak kèk jiris epi responsab dwa moun. Ret branche.
Pami de Pòl sa yo, youn ladan yo espesyalize nan represyon krim ak deli finansye konplèks, epi lòt pral fokis sou sou represyon krim ki fè gwo kantite viktim.
Dekrè gouvènman an pibliye a defini tou kiyès k ap gen pou prezide pòl jidisyè yo, òganize pousuit yo, epi ki fason y ap gen pou fèt.
Men, se kisa nouvo enstans sa yo ye ?
Selon sa jij Marthel Jean Claude, prezidan asosyasyon pwofesyonèl majistra yo di AyiboPost, pòl jidisyè espesyalize yo se « yon divizyon espesyalize anndan tribinal la. Li pa la pou l jere tout kalite dosye. Li konsantre sèlman sou yon kategori enfraksyon byen presi. »
Tip enfraksyon li pral angaje pousuit kont yo diferan ak pa tribinal òdinè ki resevwa tout sa k ap pase nan yon kategori (sivil, komèsyal, ak penal, tankou divòs, vòl tè, elt.
Nou pral wè sa.
Dekrè 16 avril la presize tou, kreyasyon pòl jidisyè espesyalize sa yo fèt nan yon kontèks kote depi sis (6) lane, anviwònman sosyo-politik ak sekiritè peyi a te alimante yon angrenay vyolans san fen, ki ogmante kriminalite a.
Tèks la soulinye tou, desizyon pou mete kanpe de (2) pòl (2) yo vini tou aprè yo konstate, paralèlman ak kriminialite òganize a ki reparèt, gen yon sikilasyon finansye enpòtan k ap fèt ki favorize kòripsyon ak blanchiman lajan.
Kounyeya, ki misyon chak Pòl jidisyè sa yo ?
Daprè premye atik nan dekrè sa a, pòl jidisyè ki espesyalize nan represyon krim ak deli finansye konplèks yo se yon estrikti jiridiksyonèl ki ap fokis nan fè pousuit, enstriksyon, epi jijman enfraksyon ekonomik ak finansye konplèks, ki chita sou karakteristik tankou : gwosè operasyon an, kantite otè osnon viktim li genyen, oubyen gravite domaj yo lakoz.
Selon dekrè a, enfraksyon finansye ak ekonomik konplèks pòl jidisyè sa a ap gen pou mennen enstriksyon epi jije yo se :
– enfraksyon ki lye ak kòripsyon epi pratik ki mache ak li, ki sòti nan ankèt Inite Lit kont kòripsyon ak Inite santral ransèyman finansye;
– detounman lajan, eskwokri epi vòlè lajan Leta;
– blanchiman lajan ak anrichisman ilegal;
– enfraksyon fiskal ak sa ki lye ak kontra Leta yo;
– enfraksyon ladwàn; elt.
Tandiske, pòl jidisyè ki espesyalize nan represyon Krim Mas ak Vyolans Seksyèl yo ap gen pou fè pousuit, mennen ankèt epi jije enfraksyon gwoup ame, rezo kriminèl òganize fè, e ki prezante yon wo nivo konpleksite tankou :
-Masak oubyen touye plizyè moun anmenmtan
– Kidnaping kolektif
-Vyolans seksyèl yo itilize kòm zam pou simen laperèz;
-Itilize timoun nan yon objektif kriminèl
– Finansman teworis ak zak teworis
– Krim kont limanite
– Jenosid
– Trafik moun ak ògàn yo, trafik zam ak minisyon, elt.
Sandout, ou ka ap mande tèt ki pwoblèm kreyasyon pòl sa yo t a dwe ede rezoud ?
Daprè prezidan APM lan, Marthel Jean Claude, enstans jidisyè sa yo fèt pou atake kèk nan pi gwo feblès ki bloke jistis ayisyen an depi plizyè ane tankou : mank konpetans teknik.
Pa egzanp, yon dosye blanchiman lajan osnon masak ki enplike plizyè gwoup, mande konpetans espesyal tout majistra pa fòseman genyen. Kidonk, Pòl yo la pou pote ekspètiz sa a.
Selon jij Marthel Jean Claude, se yon tantativ pou rann sistèm lan pi efikas epi ogmante chans pou viktim yo jwenn jistis.
Dekrè gouvènman an pibliye a defini tou kiyès k ap gen pou prezide pòl jidisyè yo, òganize pousuit yo, epi ki fason y ap gen pou fèt.
Pòl jidisyè yo ap gen ladan yo : dwayen tribinal premye enstans Potoprens lan ak komise gouvenman menm tribinal sa a; twa jij enstriksyon; de jij ki syeje nan tribinal la; twa sibstiti komise gouvenman an; epi yon chanm nan Lakou dapel Potoprens.
Dekre a presize tou, selon bezwen moman an, Konsey siperye pouvwa jidisye a epi Ministe lajistis ak sekirite piblik, ka deziyen lot jij pou entegre pol jidisye espesyalize yo.
Malgre kreyason pòl jidisyè espesyalize yo, òganizasyon k ap defann dwa moun yo ak kek obsevate soulve plizyè limit ak defi ki lye ak kreyasyon yo.
Peyi Kanada bò kote pa l deklare sou kont ofisyel X li, nan dat 28 me 2026 lan, l ap suiv ak anpil atansyon fason yo pral fè pòl jidisyè sa yo mache ansanm ak Dekrè sou Lakou Siprèm Jistis la.
Malgre yo di yo soutni desizyon kreyasyon pol sa yo, Kanada di li swete yon dyalòg fèt pou asire de zouti sa yo byen mache youn ak lòt, yon fason pou prezève Leta de dwa a epi garanti pòl jidisyè espesyalize sa yo fonksyone avèk efikasite.
Pou rapel, dekre ki kreye Haute cour de justice la, ki te pibliye nan mwa desanm 2025 lan, gen anpil kritik sou li, paske li t a vyole konstitisyon an, li kontredi konvansyon entenasyonal Ayiti siyen sou Koripsyon.
Gen oganizasyon dwa moun ki menm di dekre sa a ap favorize koripsyon jeneralize, vyolans, enpinite, epi yon efondreman enstitisyonel.
Regwoupman tankou Ensemble Contre la Corruption (ECC), bo kote pa l, eksprime preyokipasyon yo ki lye ak kreyasyon pol yo :
Pami sa yo evoke, yo esplike :
-pol jidisye sa yo pa t a sipoze plase sou kontwol dwayen Tribinal Premye enstans Potoprens lan ak tout komise gouvenman an, le yo konsidere tribinal sa a pa t janm fe anyen pou pousuiv ote koripsyon ak kriminalite, ni pa t mete aksyon piblik an mouvman kont bandi k ap touye, epi vyole manm nan popilasyon sivil la.
-Òganizasyon an souliye tou nesesite pou enstans sa yo granmoun tet yo.
Jij Marthel Jean Claude, souliye tou, Pòl yo pa gen yon konpetans nasyonal klè ki kouvri tout peyi a otomatikman. Kidonk, pou kounyeya, yo fonksyonèl sèlman nan jiridiksyon Pòtoprens la.
Òganizasyon Ensemble contre la corruption, bò kote pa l, estime pouvwa pol jidisye espesyalize yo dwe etann sou tout teritwa nasyonal la.
Genyen kritik tou sou lefètke manke lwa ak pwosedi penal espesyal ki adapte pou kategori krim pòl yo pral gen pou angaje pousuit kont yo a.
Daprè jij la, majistra yo pral oblije sèvi ak ansyen Kòd enstriksyon kriminèl la ki la depi plis pase yon syèk, ki pa t deja prevwa mekanis modèn pou jere prèv dijital, osnon gwo rezo krim òganize transnasyonal.
Lot pwen ankò konsène sekirite jij ak pèsonèl jidisyè yo.
Selon jiris Marthel Jean Claude, gwo dosye sa yo konn konsène moun ki gen anpil pouvwa, sa ki mande pou t a gen yon pwotokòl sekirite espesifik ki devlope pou pwoteje lavi jij yo ak fanmi yo.
Pou kounyeya, jij la di li pa okouran gen okenn diskisyon sou kesyon sekirite a.
Oganizasyon dwa moun ak kèk manm nan sosyete sivil la kwè tou dwe gen fòmayson adapte ak bon jan egzaminasyon pou jij ki pral fè pati pòl sa yo, le yo konsidere kijan sistèm jidisyè ayisyen an gangrene ak kòripsyon.
Nan diskisyon AyiboPost te genyen avèk jij Marthel Jean Claude, li enfòme AyiboPost te genyen yon fòmasyon ki te òganize pou yon ventèn jij ki t a dwe fè pati pòl jidisyè sa yo.
ECC fe konnen tou, mizanplas pòl yo dwe akonpànye ak yon pwosesis nimerizasyon dosye jidisyè yo, pou ranfòse efikasite sistèm lan, asire yon pi bon siveyans pwosedi yo, epi garanti plis transparans nan tretman dosye sansib yo.
N ap souliye, malgre otorite yo te inogire 2 nouvo pòl jidisyè yo mwa me 2026 la, travay enstans sa yo poko demare.
Sepandan, Premye Minis Alix Didier Fils-Aimé, nan dat 16 jiyè 2026 la, nan yon rankont ak responsab egzekitif Biwo Nasyonzini kont dwog ak krim (Onudc), Monica Juma, li anonse gen 40 dosye ki gen rapò ak koripsyon krim de mas ki ap soufri devan tribinal yo ki pral transfere bay jij ki nan pòl jidisyè yo.
Primati a anonse tou, Pòl jidisyè sa yo, ki te lanse ofisyèlman 18 me 2026, dwe kòmanse fonksyone apati 17 dawou 2026.
Pou n fini, si kreyasyon pòl sa yo montre yon volonte pou chanje fason sistèm penal ayisyen an reponn ak kòripsyon epi kriminalite a, kèk òganizasyon ak manm sosyete sivil la esprime rezèv yo sou rezilta yo ka pote toutbon.
Yo presize tou, siksè nouvo estrikti sa yo ap depann de mwayen finansye reyèl Leta ap ba yo, mezi pwoteksyon pou lavi jij yo, epi volonte politik pou kraze enpinite nan peyi a.
Selon oumenm, èske w panse kreyasyon pòl jidisyè espesyalize sa yo pral ede rezoud pwoblèm enpinite a toutbon ?
Kredi
► Kamera : Judelin Isaac Jean
► Montaj : Sherlande Pierre
► Redaksyon : Pascal Nancy André
► Prezantasyon : Love-Lica Jeannée
► Edisyon / Sipèvizyon : Jérôme Wendy Norestyl






Comments